Lanmou nou gen youn pou lòt pa dwe gen ipokrizi ladan l. Se pou n rayi sa ki mal. Epi rete atache ak sa ki byen. Se pou nou youn renmen lòt paske nou se manm yon menm fanmi. Se pou nou toujou premye nan chache onore youn lòt. Se pou n gen devouman nan lespri nou, nou pa dwe parese. Se pou n toujou chofe pou sèvis Senyè a. Se pou n gen kè kontan poutèt espwa nou genyen. Nan lafliksyon, se pou n gen pasyans. Se pou nou toujou rete nan lapriyè. Se pou n pran swen moun Bondye yo ki nan bezwen. Se pou n toujou pare pou n resevwa moun ki rive lakay nou. Mande Bondye pou l beni moun k ap pèsekite w yo. Mande Bondye beni yo, pa mande l modi yo. Se pou n kontan avèk moun ki kontan yo, pataje tristès sa yo ki nan lapenn. Viv nan inite youn ak lòt pandan n ap chache viv nan lapè. Pa tonbe nan foli grandè, men se pou w dakò fè zanmi ak moun ki san enpòtans nan je lòt moun. Pa pran tèt ou pou moun ki saj. Si yon moun fè w mal, pa chache remèt li sa l fè w la. Se pou n fè sa tout moun kwè ki bon. Fè sa w kapab pou w viv nan lapè ak tout moun toutotan sa posib.
Li Wòm 12
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Wòm 12:9-18
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo