Jonas 1

1
Dezobeyisans Jonas
1SENYÈ a te pale ak Jonas, pitit gason Amitayi a, li di l: 2“Leve, ale Niniv,#1:2 Niniv Se te kapital peyi Lasiri. Peyi sa a te detwi Izrayèl nan lane 722–721 AV.JK. gran vil la, epi di yo mwen tande tout move zak y ap fè yo. M ap vin pou yo.”
3Men Jonas te pito pran wout pou l al kache lwen SENYÈ a, nan peyi Tasi. Lè li rive lavil Jope, li jwenn yon bato ki t ap pati, li peye vwayaj la#1:3 li peye vwayaj la Oubyen “Li te peye pou bato”. epi li desann antre nan bato a pou l al mawon lwen SENYÈ a nan peyi Tasi.
Gwo van tanpèt la
4Men, toudenkou, SENYÈ a voye yon gwo van tanpèt sou lanmè a. Tanpèt la te sitèlman fò, li te prèt pou kraze bato a.
5Maren yo te pè anpil. Konsa, chak moun t ap rele pwòp dye pa yo pou pote yo sekou. Pou anpeche bato a koule, yo jete chay yo nan lanmè pou fè l pi lejè. Pandan tan sa a, Jonas menm desann nan kal batiman an, li kouche epi dòmi pran l.
6Pandan l nan fon somèy, kaptenn bato a vin pantan sou li, epi li di l, “kisa! Ou ap dòmi!” Rele dye pa w la! Petèt l a tande priyè w epi l a delivre nou.
Maren yo jwenn kòz tanpèt la
7Lè sa a, youn t ap di lòt: “An nou fè tiraj osò pou nou wè kilès ki rale dezas sa a sou nou.” Yo fè tiraj osò a epi bagay la tonbe sou Jonas.
8Apre sa, mesye yo di Jonas: “Apa se ou ki fè bagay tèrib sa a rive nou! Di nou, ki peche ou fè? Ki metye w? Ki kote ou soti? Moun ki peyi ou ye? Ki ras ou?”
9Jonas reponn yo: “Mwen se Jwif. Mwen gen krentif pou SENYÈ a ki nan syèl la, ki fè lanmè a ak tè a.”
10Jonas di mesye yo: “Se kouri m ap kouri lwen SENYÈ a.” Mesye yo vin pè anpil lè yo tande sa. Lè sa a, yo mande Jonas: “Ki sa ou fè kon sa kont dye w la?”
11Pandan maren yo t ap pale kon sa ak Jonas, tanpèt la vin pi fò. Se atò lanmè a vin move. Lè mesye yo wè sa, yo di Jonas: “Ki sa pou n fè avè w pou lanmè a kalme?”
12Jonas reponn maren yo: “Mwen sèten se mwen menm ki rale malè sa a sou nou, paske sa m fè a pa bon. Pran m, lage m nan lanmè a, epi lanmè a ap kalme.”
13Olye yo fè sa Jonas te di a, yo te pito eseye ap fè lòt mannèv pou mennen bato a atè. Tanpèt la te kontinye vin pi fò. Epi lanmè a te vin pi move.
Maren yo lage Jonas nan lanmè
14Lè sa a, maren yo priye SENYÈ a konsa: “SENYÈ, tanpri, pa ban nou pote chay lanmò yon nonm inosan. Tanpri, pa touye nou poutèt lanmò nonm sa a. Nou konnen ou se SENYÈ ki fè sa ou vle.”
15Konsa, maren yo lage Jonas nan lanmè a epi lanmè a vin kal. 16Lè maren yo wè sa k te rive a, yo te vin gen krentif ak anpil respè pou SENYÈ a. Yo ofri yon sakrifis epi yo fè SENYÈ a plizyè pwomès.
17SENYÈ a menm chwazi yon gwo gwo pwason voye vin vale Jonas. Li te rete nan vant pwason an pandan twa jou ak twa nuit.

Chwazi Kounye ya:

Jonas 1: VKF

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte