Estè 10

10
Wa Asyeris onore Madoche
1Wa Asyeris pase lòd pou tout moun nan wayòm li a peye taks. Menm moun ki te rete bò lanmè byen lwen yo te dwe peye taks tou. 2Yo te ekri nan Liv istwa wa Mèd ak Pès la tout gwo bagay wa Asyeris te fè ki montre gwo fòs pouvwa li. Yo ekri nan liv sa tou tout istwa ki konsènen Madoche ak tout gwo bagay wa a fè pou onore li. 3Wi, Madoche vin an dezyèm plas nan wayòm Asyeris la, sa vle di li te moun ki te plis pouvwa apre wa a. Li te pi gwo chèf pami Jwif yo. Jwif yo te respekte l anpil paske li te travay di pou fè bon bagay pou pèp la ka toujou rakonte pwogrè li te fè epi jan yo te gen sekirite.

Chwazi Kounye ya:

Estè 10: VKF

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte