Trav 28

28
Pòl sou zile Malta
1Lè nou te vin ansekirite sou zile a, nou te aprann zile a te rele Malta. 2Moun ki te rete la, yo te byen janti avèk nou. Lapli t ap tonbe epi li te fè frèt. Konsa, yo te fè yon gwo dife pou yo te resevwa nou. 3Pòl te rasanble yon bann branch bwa chèch pou l met nan dife a. Pandan l ap mete branch bwa yo nan dife a, chalè dife a fè yon koulèv vipè ki te nan branch yo te marande nan men Pòl epi li mòde li. 4Lè moun ki t ap viv sou zile a te wè koulèv la kole nan men Pòl, yo di konsa: “Se sèten, nonm sa a se yon nonm ki konn touye moun! Li pa t mouri nan lanmè a, men dye ki konn fè jistis la pa ba l chans pou l viv.”
5Men Pòl sekwe koulèv la jete nan dife a epi li pa t gen anyen. 6Moun yo t ap tann pou Pòl vin anfle epi pou l te tonbe mouri. Yo te t ap gade li epi yo t ap tann pandan lontan, men pa t gen anyen mal ki te rive Pòl. Lè sa a, yo te vin chanje sa yo te panse. Yo te di: “Misye se yon dye!”
7Tou pre a, te gen yon pwopriyete ki te pou Pibliyis, pi gwo sitwayen zòn nan. Li te resevwa nou tankou zanmi epi li te ban nou kote pou nou fè ladesant. Li te fè sa pandan twa jou. 8Papa Pibliyis te kouche malad ak la fyèv ak disantri. Pòl te antre lakay li, li priye pou li, li poze men l sou li, epi li geri l. 9Lè sa a tout moun ki te malad sou zile a te vin jwenn Pòl, epi Pòl geri yo.
10-11Moun yo te montre anpil respè pou nou. Lè lè a rive pou nou pati, yo ban nou tout sa nou te gen bezwen pou vwayaj la.
Pòl ale a Wòm
Apre twa mwa, nou pati sou yon bato ki te sot Aleksandri. Devan bato a te gen yon siy, se te siy non Bato a “De dye Jimo”#28:10-11 De dye Jimo Estati Seza ak Poliks, dye Grèk yo. ki te pase move tan an sou zile a. 12Nou rive nan Sirakiz epi nou rete la pandan twa jou. 13Apre sa, nou swiv kot la rive yon kote yo rele Regyo; yon van sid vin leve nan denmen. Nan de jou nou te rive Pouzòl 14kote nou jwenn plizyè kretyen ki mande nou pou n rete pase sèt jou avèk yo. Se kon sa nou te rive lavil Wòm. 15Frè ak sè yo nan lavil Wòm te tande pale de nou epi yo te soti pou vin rankontre nou nan yon mache ki nan zòn Apiyis#28:15 Apiyis Yon vil ki yon distans 69 kilomèt kon sa pa rapò ak Wòm. ak Twa Otèl.#28:15 Twa Otèl Yon vil ki yon distans 48 kilomèt kon sa pa rapò ak Wòm. Lè Pòl te wè kretyen sa yo, li remèsye Bondye epi li te santi l ankouraje.
Pòl nan lavil Wòm
16Lè nou rive lavil Wòm, yo te bay Pòl pèmisyon pou l te viv pou kont li. Men te gen yon sòlda ki te dwe rete avè l pou siveye l.
17Apre twa jou, Pòl te envite lidè Jwif yo lakay li. Lè yo te fin reyini ansanm, Pòl di yo, “Frè yo, mwen pa fè anyen ki mal kont pèp nou an oubyen kont koutim zansèt nou yo. Men yo arete m nan Jerizalèm epi yo livre m bay women yo. 18Mesye yo te poze m anpil kesyon, men yo pa t jwenn yon rezon valab pou touye m, konsa, yo te vle lage m. 19Men Jwif yo pa t dakò sa. Konsa mwen mande pou m vini Wòm pou plede koz mwen devan Seza. Sa pa vle di m ap akize pèp mwen an kòm si yo ta fè move bagay. 20Se poutèt sa mwen te vle wè nou epi pale avèk nou. Mwen nan chenn sa a paske mwen kwè nan esperans Izrayèl genyen.”
21Jwif yo reponn li, “nou pa jwenn okenn lèt ki soti Jide ki pale nou de oumenm. Pa gen menm youn nan kòlèg Jwif yo ki vwayaje soti laba a ki ta pote kèk enfòmasyon sou ou ki ta di yon move bagay sou ou. 22Nou ta renmen tande sa oumenm ou panse. Se vre, toupatou gen moun k ap pale nouvo gwoup sa a mal.”
23Pòl chwazi yon jou ak Jwif yo pou yo pale, men jou sa a pi plis Jwif ankò te vini lakay Pòl. Depi maten rive jouk aswè, Pòl t ap eksplike yo epi li t ap preche yo wayòm Bondye a avèk fòs. Li pale yo de Jezi epi li t ap eseye konvenk yo. Pou sa, li te itilize Lalwa Moyiz la ak pwofèt yo pou l te ankouraje yo kwè nan Jezi, men yo pa t kwè. 24Te gen kèk nan Jwif ki te kwè nan sa Pòl te di, men lòt yo pa t kwè. 25Lè a te rive pou yo pati, men yo pa t dakò youn ak lòt. Pòl te sèlman di mesye yo: “Sa Sentespri a te di sou zansèt nou yo pa mwayen pwofèt Ezayi a se verite a:
26Ale kote pèp sa a epi di li:
Ou ap koute sou koute,
men ou p ap konprann anyen.
Ou ap gade sou gade,
men ou p ap wè anyen.
27Kè pèp sa a vin tounen zanpoud.
Yo bouche zòrèy yo pou yo pa tande,
yo fèmen je yo pou yo pa wè.
Si kè yo pa t tounen zanpoud
yo ta wè ak je yo,
yo ta tande ak zòrèy yo,
yo ta konprann, yo ta tounen vin jwenn mwen,
mwen ta geri yo.#Eza 6:9-10.
28Mwen vle fè nou konnen sa, nou menm Jwif, Bondye voye delivrans li a bay moun ki pa Jwif yo. Yo menm y ap koute!” 29#28:29 Kèk nouvo kopi sou Travay Apot yo ajoute vèsè 29 la: Lè Pòl fin di sa, Jwif yo pati, yo te toujou ap fè gwo diskisyon youn ak lòt.
30Pòl te rete pase de zan plen nan yon kay li te lwe limenm. Se la li te resevwa tout moun ki te vin rann li vizit. 31Li t ap preche wayòm Bondye a epi li t ap prezante Jezikris avèk anpil asirans ak tout libète.

Chwazi Kounye ya:

Trav 28: VKF

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte