Wòm 1

1
1Se mwen menm Pòl, sèvitè Jezikris,#1:1 Jezikris Oubyen “Wa Jezi”. Tèm “Kris” se tradiksyon Grèk de yon mo Ebre “Mesi”, yon tit wayal. Gade nan Mak 15:32; Lik 23:2. Gade tou Kris ak Mesi nan Lis Mo yo. k ap salye nou.
Bondye te chwazi m pou m vin Apot epi li ban m responsabilite pou m preche Bòn Nouvèl li a. 2Bondye te pwomèt Bòn Nouvèl sa a nan Pawòl li byen lontan deja pa mwayen pwofèt li yo. 3Bòn Nouvèl la konsène Jezikris, Pitit Bondye a, ki soti nan ras David epi ki te pran fòm yon moun. 4Men lè Sentespri a#1:4 Sentespri a Literalman, “Espri Sentete a”. resisite Jezikris, Senyè nou an, se yon fason pou l deklare li se Pitit Bondye avèk puisans, pou l gouvène ak tout otorite.
5Bondye montre m bonte li pa mwayen Jezikris. Li ban m otorite pou m ale pou m ka fè tout moun nan tout nasyon kwè nan li epi obeyi l. Tout travay sa a, se pou li menm sèl. M fè tout sa pou m fè lwanj pou Kris. 6Nou menm tou, nou se moun Bondye chwazi pou Jezikris.
7Lèt sa a, se pou tout byenneme ki nan lavil Wòm. Bondye chwazi nou pou n ka viv tankou yon pèp ki apa pou li.
Se pou Bondye, papa nou, ansanm ak Jezikris, Senyè nou ban nou gras ak lapè li.
Yon priyè pou di Bondye Mèsi
8Premye bagay m ta renmen di se remèsye Bondye pou nou tout, pa mwayen Jezikris. M di Bondye mèsi paske moun tout kote sou latè ap di kijan nou se moun ki gen anpil lafwa. 9M toujou sonje nou chak fwa m ap priye. Bondye konnen sa m di a se verite a. Se li menm m ap sèvi ak tout kè m lè m ap preche tout moun Bòn Nouvèl ki konsènen Pitit li a. 10M toujou mande Bondye, nan priyè m, pou l louvri yon pòt pou pèmèt mwen rive al lakay nou. 11Mwen anvi wè nou toutbon pou m ka ban nou kèk don espirityèl ki ka fè lafwa nou vin pi fò. 12Sa m vle di nou, se ede m vle pou n ede youn lòt nan lafwa. Lafwa pa nou ap ede m, lafwa pa m ap ede nou.
13Frè ak sè m yo, mwen fè n konnen mwen te fè plan plizyè fwa pou m ale lakay nou, men yon bagay toujou pase pou chanje plan m yo. Mwen ta renmen wè lakay nou menm bon rezilta mwen te genyen nan mitan moun lòt nasyon ki pa Jwif yo.
14Mwen dwe sèvi tout moun, kit se moun sivilize, kit se moun ki pa sivilize, kit se moun enstwi, kit se moun ki pa enstwi. 15Se poutèt sa, mwen si tèlman vle pote Bòn Nouvèl la ban nou, nou menm k ap viv nan lavil Wòm.
16Pou mwen, pa gen wont#1:16 pa gen wont Pòl itilize lide wont isit la paske pou anpil moun nan tan Pòl la, yon Bòn Nouvèl se te yon bagay chokan epi anbarasan. Kòm li di nan yon lòt lèt, yon bagay ki fondamantal nan mesaj la se te “Yo touye sou yon kwa Wa dapre Bondye a.” Li ajoute, “Mesaj sa a se yon pwoblèm pou Jwif yo, epi pou lòt moun sa se yon bagay ensanse.” Gade nan 1 Kor 1:22-25. nan prezante Bòn Nouvèl la. Paske se puisans Bondye li ye, pou sove nenpòt moun ki kwè: pou sove Jwif yo an premye, epi kounye a pou sove sa yo ki pa Jwif tou. 17Wi, Bòn Nouvèl la montre kijan Bondye bon epi li fidèl jan li fè sa l te pwomèt l ap fè. Li montre kijan fidelite#1:17 fidelite Oubyen “lafwa”. yon moun kapab kondui anpil moun rive nan lafwa. Jan Ekriti Sent yo di a, “Moun Bondye aksepte a poutèt lafwa#1:17 aksepte … lafwa Moun Bondye aksepte a, nan orijinal la se “moun ki jis la”. Yo sèvi ak mo jis la kòm yon tit pou Mesi a (Kris), Wa Bondye chwazi selon pwomès li te fè nan Ansyen Testaman an. Gade nan Eza 53:11; Aba 2:4; Zak 9:9; Trav 3:14; 7:52; 22:14; Ebre 10:38. li, l ap viv.”#1:17 Moun Bondye … l ap viv Sitasyon sa a soti nan Aba 2:4 (Vèsyon Grèk la). Nou ka tradui l nan fason sa a tou: “Moun ki jis devan Bondye poutèt lafwa li, ap sove.”
Tout moun fè sa k mal
18Nou wè tou, kijan Bondye montre kòlè li kont tout move zak moun ap komèt devan l. Yo pa gen okenn respè pou Bondye, y ap komèt move zak youn kont lòt. Mechanste lavi yo anpeche moun konnen verite a sou Bondye. 19Bondye an kòlè kont yo, paske yo te dwe gen plis konesans, pa vre? Yo konnen tout sa moun ka konnen sou Bondye. Wi, paske Bondye, li menm, li montre yo tout sa aklè.
20Gen bagay Bondye genyen moun pa ka wè: egzanp puisans san limit li ak sa ki fè Bondye se Bondye toutbon vre. Tout bagay sa yo, moun ka konprann yo byen fasil nan sa Bondye fè, depi nan kreyasyon an. Bondye fè yo parèt byen klè nan sa l fè. Se poutèt sa, pa gen eskiz pou pèsòn.
21Paske, menm lè yo te konnen Bondye, yo pa t ni adore l jan yo te dwe adore l ni di l mèsi kòm sa dwa. Okontrè, panse yo te vin menm jan ak panse moun fou epi lespri yo te egare nèt plonje nan fènwa. 22Menm lè yo te pran pòz yo saj, se fou yo te fou. 23Olye yo adore Bondye k ap viv pou tout tan an, yo te brade li ak adorasyon yo bay zidòl yo, bagay yo fè ki sanble ak moun ki ka tonbe malad epi ki ka mouri. Yo te fè yo pou yo ka sanble ak zwazo, zannimo ak bèt ki mache trennen sou vant.
24Poutèt sa, Bondye livre yo pou yo fè sa lide yo di yo. Sa lakòz yo dezonore pwòp tèt yo nan komèt move zak. 25Yo vann verite a sou Bondye nan bay manti. Yo adore epi yo sèvi bagay Bondye kreye, olye yo adore Kreyatè a, Bondye beni an ki merite adorasyon pou tout tan. Amèn.
26Poutèt yo pa adore Bondye, Bondye livre yo pou yo swiv dezi kè yo, bagay k ap fè yo wont. Olye fi swiv prensip natirèl Bondye mete pou yo kouche ak gason, yo prefere kouche ak fi parèy yo. 27Olye gason swiv prensip natirèl Bondye mete pou yo kouche ak fi, yo prefere gen anvi pou gason parèy yo. Moun sa yo ap fè tout voksal sa yo youn ak lòt nan gen rapò ak gason parèy yo. Sa fè wont! Poutèt sa, yo jwenn sa yo merite, paske yo pran distans yo ak verite a.
28Poutèt yo pa t wè sa enpòtan pou yo chache konnen toutbon vre ki lès Bondye ye, Bondye te lage yo pou kite yo swiv tout move lide lespri yo. Konsa, yo te fè anpil bagay yo pa t dwe fè. 29Yo plen ak tout kalite enjistis. Yo fè sa ki mal, yo pote anvi sou bagay ki pa pou yo. Yo mechan, yo plen ak jalouzi. Yo fè kont ak moun, yo touye moun. Yo twonpe moun, yo bay manti sou yo epi yo vle fè moun mal. 30Y ap pale youn lòt mal. Yo rayi Bondye. Yo ensolan, yo gen lògèy, yo lwanjè. Yo envante fason pou yo fè sa ki mal. Yo pa obeyi paran yo, 31yo pa gen bon konprann, yo pa kenbe pwomès yo, yo pa montre okenn jantiyès, yo san pitye pou lòt moun. 32Yo byen konnen Lalwa Bondye a di moun k ap viv kon sa dwe mouri. Men, non sèlman yo kontinye ap aji konsa, yo aplodi moun k ap fè menm bagay sa yo tou.

Chwazi Kounye ya:

Wòm 1: VKF

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte