1 Kor 11:2-16

1 Kor 11:2-16 VKF

Mwen fè nou konpliman paske nou toujou sonje m. Nou toujou fè efò pou mete ansèyman m yo an pratik, jan m te ban nou yo a. Epi, men kèk bagay mwen ta renmen eksplike nou, paske se vre, se Kris ki alatèt tout gason yo, alatèt madanm nan se gason an epi se Bondye ki alatèt Kris. Yon gason, k ap priye an piblik oswa k ap pwofetize ak tèt li kouvri, ap fè chèf li wont. Men yon fi, k ap priye an piblik oswa k ap pwofetize ak tèt li san kouvri, ap fè chèf li wont. Li se menm bagay ak yon fi ki kale tèt li. Si yon fi pa vle kouvri tèt li, li mèt tou kale l. Men si se yon wont pou yon madanm kale tèt li, se pou l mete yon bagay pou kouvri tèt li. Men yon gason pa dwe kouvri tèt li paske li se reflè imaj ak glwa Bondye. Men fi yo se reflè glwa gason an. Bondye pa t kreye gason apati kò fi, men li te kreye fi apati kò gason. Donk, Bondye pa t kreye gason pou fi. Li te kreye fi pou gason. Se sa k fè yon fi dwe kouvri tèt li ak yon siy ki montre li anba yon otorite. Li dwe fè l tou poutèt anj yo. Sepandan, nan Senyè a, fi depann de gason menm jan gason depann de fi. Fi kreye apati gason. Gason soti nan vant fi. Se Bondye vre ki kreye tout bagay. M ap kite nou ak desizyon: dapre nou èske se yon bon bagay pou yon fi priye Bondye nan piblik san l pa gen anyen sou tèt li? Menm lanati fè nou konnen se yon wont pou yon gason kite yon pakèt cheve nan tèt li. Poutan se yon glwa pou medam yo gen long cheve. Cheve a sèvi yon vwal natirèl pou fi a. Si yon moun vle kontinye pale anpil sou kesyon sa, kite m tou di l: ni nou menm ni legliz Bondye yo pa gen abitid sa a.