1 Kor 11

11
1Swiv egzanp mwen, menm jan mwen swiv egzanp Kris la.
Kèk prensip pou reyinyon nou yo
2Mwen fè nou konpliman paske nou toujou sonje m. Nou toujou fè efò pou mete ansèyman m yo an pratik, jan m te ban nou yo a. 3Epi, men kèk bagay mwen ta renmen eksplike nou, paske se vre, se Kris ki alatèt tout gason yo, alatèt madanm nan se gason an#11:3 gason an Li ka vle di tou “mari li.” epi se Bondye ki alatèt Kris.
4Yon gason, k ap priye an piblik oswa k ap pwofetize ak tèt li kouvri, ap fè chèf li wont. 5Men yon fi, k ap priye an piblik oswa k ap pwofetize ak tèt li san kouvri, ap fè chèf li wont. Li se menm bagay ak yon fi ki kale tèt li. 6Si yon fi pa vle kouvri tèt li, li mèt tou kale l. Men si se yon wont pou yon madanm kale tèt li, se pou l mete yon bagay pou kouvri tèt li.
7Men yon gason pa dwe kouvri tèt li paske li se reflè imaj ak glwa Bondye. Men fi yo se reflè glwa gason an. 8Bondye pa t kreye gason apati kò fi, men li te kreye fi apati kò gason. 9Donk, Bondye pa t kreye gason pou fi. Li te kreye fi pou gason. 10Se sa k fè yon fi dwe kouvri tèt li ak yon siy ki montre li anba yon otorite.#11:10 li anba yon otorite Li ka vle di tou, “li gen otorite pou fè sa.” Li dwe fè l tou poutèt anj yo.
11Sepandan, nan Senyè a, fi depann de gason menm jan gason depann de fi. 12Fi kreye apati gason. Gason soti nan vant fi. Se Bondye vre ki kreye tout bagay.
13M ap kite nou ak desizyon: dapre nou èske se yon bon bagay pou yon fi priye Bondye nan piblik san l pa gen anyen sou tèt li? 14Menm lanati fè nou konnen se yon wont pou yon gason kite yon pakèt cheve nan tèt li. 15Poutan se yon glwa pou medam yo gen long cheve. Cheve a sèvi yon vwal natirèl pou fi a. 16Si yon moun vle kontinye pale anpil sou kesyon sa, kite m tou di l: ni nou menm ni legliz Bondye yo pa gen abitid sa a.
Repa Senyè a
17Mwen pa felisite nou ditou sou sa m pral di la a. Reyinyon nou yo fè plis mal pase byen. 18Premye pwoblèm mwen tande, se lè nou reyini an asanble lan gen divizyon nan mitan nou. Se pa yon bagay ki difisil pou moun konprann, 19poutèt fason nou panse a, nou kwè divizyon bon paske l ap montre ki moun ki kwayan toutbon vre.
20Lè nou reyini an asanble, repa nou pran an depaman nèt ak Repa Senyè a.#11:20 Repa Senyè a “Soupe Senyè a” se repa espesyal Jezi te manje ak disip li yo. Lè sa a li te mande yo pou yo sonje l. Gade nan Lik 22:14-20. 21Mwen di sa paske chak moun kòmanse manje pwòp repa pa li. Lòt moun pa enterese l. Konsa gen moun ki pa jwenn anyen pou yo manje anyen pou yo bwè epi gen lòt ki sou.#11:21 sou Yo manje oswa yo bwè twòp. 22Si se konsa, pouki nou pa ret manje oswa bwè lakay nou? Se respè nou pa gen kon sa pou legliz Bondye a? Nou ap imilye moun ki manke mwayen yo. Ki sa nou ta vle m di nou? Nou ta vle pou m felisite nou? Non! Mwen pa ka felisite nou sou pwen sa a.
23Sonje! Ansèyman mwen te transmèt ba nou se egzateman sa mwen te resevwa nan men Senyè a: Nan nuit yo t a pral livre l la, Jezi te pran pen. 24Li di Bondye mèsi, epi li kase pen an. Li di: “Sa a se kò mwen. Se pou nou li ye. Manje l pou nou ka sonje mwen.” 25Menm jan an tou, apre yo fin manje, li ba yo diven an, li di yo: “Sa a se san mwen k ap siyen nouvo kontra a. Fè sa pou n kapab sonje m, chak fwa nou bwè li.” 26Sa vle di: chak fwa nou manje pen sa a epi nou bwè nan koup diven sa a, se istwa lanmò Senyè a n ap fè lòt moun konnen jouktan li retounen.
27Konsa, nenpòt moun ki manje pen an oswa ki bwè nan koup nan Senyè a yon fason ki dezonore l, li komèt yon peche kont kò ak san Senyè a. 28Anvan nou manje pen an oubyen nou bwè diven an, nou bezwen byen reflechi sou konpòtman nou ak atitid nou. 29Nenpòt moun ki manje oswa bwè san okenn konsiderasyon pou sa yo ki fè pati kò Kris la, se kondanasyon l ap rale met sou tèt li. 30Se poutèt sa gen anpil moun pami nou ki fèb epi ki malad. Gen kèk ki enfim epi plizyè lòt gen tan mouri. 31Men si nou te byen egzamine pwòp tèt nou, Bondye pa t ap bezwen jije nou konsa. 32Lè Senyè a jije nou, li pini nou pou l ka mete nou nan bon chemen. Li fè l kon sa pou l pa bezwen kondane nou avèk lemonn.
33Konsa frè m ak sè m yo, lè nou reyini ansanm pou nou manje, nou dwe montre nou ospitalite youn pou lòt. 34Si gen moun ki santi yo twò grangou pou yo tann lòt moun, se pou yo rete manje lakay yo. Wi, fè l kon sa pou lè nou reyini ansanm se pa jijman Bondye n ap rale sou nou. Lè m vini n a pale sou lòt bagay yo.

Chwazi Kounye ya:

1 Kor 11: VKF

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an