Sofoni 1

1
1Men mesaj Senyè a te bay Sofoni sou reny #2 Wa 22.1; Jer 1.2 Jozyas, pitit Amon, ki te wa peyi Jida. Sofoni te pitit Kouchi. Kouchi te pitit Gedalya. Gedalya sa a te pitit Amarya ki li menm te pitit wa Ezekyas.
Jou kòlè Bondye a
2Senyè a #2 Wa 22.16,17; Jer 8.13 di konsa:
— Mwen pral detwi dènye bagay sou latè. 3Mwen #Oze 4.3 pral detwi tout moun, tout bèt, tout zwazo nan syèl la ak tout pwason nan lanmè, mechan yo ansanm ak tou sa k'ap fè yo tonbe nan peche. Mwen pral detwi tout moun, mwen p'ap kite yonn sou latè. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa.
4Mwen #2 Wa 23.4,5 pral kraze moun peyi Jida yo ansanm ak moun ki rete lavil Jerizalèm yo anba men m. Mwen pral disparèt dènye kras zidòl Baal nan peyi a. Pèsonn p'ap janm chonje prèt k'ap sèvi l yo ankò. 5Mwen #Jer 19.13; 49.1 pral disparèt dènye moun k'ap moute sou teras anwo kay pou adore solèy, lalin ak zetwal nan syèl la. M'ap detwi moun k'ap pran non mwen mete ansanm ak non zidòl Milkòm lan pou fè sèman. 6M'ap #Jer 15.6 detwi tout moun ki vire do ban mwen, ki pa koute pawòl mwen yo, ki pa vin mande m konsèy ankò.
7Jou #1 Sam 16.5; Eza 34.6; Jer 46.10; Eze 39.17; Aba 2.20 pou Senyè a vin jije a pa lwen rive! Se pou tout moun pe bouch yo devan Senyè a. Senyè a ap pare pou li fè gwo sèvis pou touye bèt. Li chwazi moun l'ap envite yo. 8Jou #2 Wa 24.12,14 gwo sèvis ofrann bèt sa a, m'ap pini tout gwo chèf yo, tout pitit wa yo ansanm ak tout moun k'ap kopye sou moun lòt nasyon yo. Se Senyè a menm ki di sa. 9M'ap pini tout moun k'ap fè sèvis tankou lòt nasyon yo. Wi, jou sa a, m'ap pini tout moun k'ap vòlò, k'ap fè gwo ponyèt sou moun pou yo ka plen tanp zidòl yo ak sa yo vòlè.
10Se #2 Kwo 33.14 mwen menm Senyè a k'ap pale toujou. Jou sa a n'a tande gwo rèl bò Pòtay Pwason nan lavil Jerizalèm. N'a tande moun ap plenn byen fò nan katye nèf lavil la. N'a tande yon gwo deblozay pete sou ti mòn yo. 11Nou #Oze 12.7; Zak 14.21; Jak 5.1 menm ki rete anba lavil, rele byen fò paske tout moun ki t'ap fè trafik yo pral mouri. Wi, yo pral disparèt tout moun ki t'ap fè lajan sou tèt moun nan kòmès.
12#Sòm 94.7; Jer 48.11; Eze 8.12; Am 6.1; 9.3 sa a, men sa k'ap rive. M'ap limen lanp pou m fouye lavil Jerizalèm. M'ap pini tout moun ki chita chita yo tou dousman, epi k'ap di nan kè yo: Bondye p'ap fè anyen. 13Se #Am 5.11; Mi 6.15 sa yo kwè! Y'ap piye tout richès yo, y'ap kraze tout kay yo. Y'ap bati kay, men yo p'ap menm gentan antre ladan yo. Y'ap plante pye rezen, men yo p'ap menm gentan pran fre diven an.
14Wi, #Eze 7.7,12 gwo jou Senyè a pa lwen rive. Sa pral yon gwo jou vre. Li pa lwen rive. L'ap rive byen vit. Jou sa a, sa pral rèd nèt! Ata sòlda ki pi vanyan yo pral rele anmwe. 15Jou #Jowèl 1.15; 2.2 sa a pral yon jou dechennen, yon jou lafliksyon ak kè sere, yon jou kraze brize, yon jou k'ap fè nwè kou lank, yon jou van ak gwo nyaj nwa ap plen syèl la. 16Yon #Jer 4.19 jou twonpèt ap kònen, sòlda ap rele pou yo gen kouray pou y'al atake lavil ki gen gwo miray ranpa ak fò byen wo nan chak kwen pou pwoteje yo.
17Senyè a #Det 28.29; Sòm 79.3; 83.10 te di ankò:
— Mwen pral manyen ak lèzòm! Yo pral tatonnen tankou avèg, paske yo te peche kont Senyè a. San yo pral koule kou dlo, kadav yo pral pouri tankou fatra.
18Jou #Eze 7.19; 36.5 Senyè a pral move sou yo a, ni lajan yo ni lò yo p'ap ka sove yo. Kòlè li tankou yon dife k'ap boule tout tè a, paske yon sèl kou a, l'ap disparèt tout moun ki rete sou latè. L'ap fini ak yo.

Chwazi Kounye ya:

Sofoni 1: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte