Abakik 3

3
Abakik lapriyè Bondye
1Men lapriyè pwofèt Abakik te fè pou li plenyen sò li bay Bondye:
2Senyè! #Sòm 44.1; 85.6 Mwen tande tou sa ou te di.
M sezi, m'ap tranble nan tout kò m.
Senyè, gwo mèvèy ou te konn fè nan tan lontan yo,
kounyeya, fè nou wè yo nan lanne k'ap vini yo.
Menm lè ou fache, pa bliye gen pitye pou nou!
3Bondye #Det 33.2 ap vini sòti peyi Edon.
Bondye tout bon an ap desann sòti sou mòn Paran an.
Pouvwa li kouvri tout syèl la.
Lwanj li toupatou sou latè.
4Li #Eze 1.27 klere kou gwo solèy.
Zèklè ap sòti nan men l.
Se la li kache tout pouvwa li.
5Li #1 Kwo 21.11-15; Sòm 18.8 voye vye maladi pran devan li.
Li mete lanmò mache dèyè l.
6Lè li #Jen 49.26; Sòm 60.6; Eza 51.9; Mi 1.4 kanpe, latè pran tranble.
Li annik gade, kè moun tout nasyon kase.
Mòn ki la depi lontan yo vide fè miyèt moso.
Ti mòn tan lontan yo vin plat.
Chemen kote li te konn pase tan lontan yo louvri devan li.
7Mwen #Jij 3.10; 8.12 wè moun peyi Letyopi yo nan gwo lafliksyon.
Moun peyi Madyan yo tou pè.
8Eske #Det 33.26; Sòm 18.10; 114.5; Eza 66.15 se sou gwo rivyè yo ou move konsa, Senyè?
Eske se sou lanmè a ou fache?
Eske se sou lanmè a ou ankòlè konsa,
kifè ou moute sou nyaj yo tankou sou chwal ou,
tankou sou cha ou pou al delivre pèp ou a?
9 # 3.9: Vèsè sa a pa klè menm nan tèks ebre a. Ou #Sòm 78.15,16 kenbe banza ou tou pare nan men ou.
Pawòl ou se pakèt flèch anpwazonnen.
Zèklè ou yo fann tè a louvri.
10Mòn #Egz 14.22; 19.18; Sòm 93.3 yo wè ou, yo pran tranble.
Gwo lapli ap tonbe sòti nan syèl la.
Dlo anba tè yo ap gwonde.
Gwo lanm lanmè ap leve byen wo.
11Flèch #Joz 10.12,13 ou yo pati tankou zèklè.
Lans ou yo klere byen klere.
Lalin ak solèy pa parèt tèt yo deyò.
12Ou #Mi 4.12,13 move, w'ap mache toupatou sou latè.
Nan kòlè ou, ou pilonnen nasyon yo anba pye ou.
13Ou #Sòm 105.15; 110.6 sòti pou delivre pèp ou a,
pou sove wa ou chwazi a.
Ou kraze chèf mechan yo.
Ou detwi tout moun li yo nèt.
14Avèk flèch ou yo, ou pèse kòmandan an chèf lame yo a,
lè yo t'ap vare sou nou tankou yon van tanpèt pou gaye nou.
Je yo gran louvri ak kontantman
tankou moun ki pral devore pòv malere yo kote yo kache a.
15Ou #Sòm 77.19 foule lanmè a anba pye chwal ou yo.
Ou fè dlo lanmè a kimen.
16Mwen #Eza 14.3,4; Jer 4.19 tande tou sa. Vant mwen bouyi!
Lè m tande tout bri sa yo, bouch mwen pran tranble.
Tout zo nan kò m ap fè m mal.
M pa ka kanpe sou janm mwen ankò!
Mwen rete byen trankil, m'ap tann jou malè a rive,
jou Bondye pral mache pran moun k'ap chache nou kont yo.
17Pye fig frans yo te mèt pa donnen,
pye rezen yo te mèt pa bay rezen,
rekòt oliv yo te mèt pa bon,
jaden yo te mèt pa bay manje,
mouton yo te mèt mouri nan sèka yo,
bèf yo te mèt mouri nan pak yo,
18mwen #Jòb 13.15; Sòm 9.14; Lik 1.47 menm, m'ap toujou kontan poutèt Senyè a.
M'ap fè fèt pou Bondye k'ap delivre m lan.
19Se #Det 32.13; 2 Sam 2.18; Eza 38.20 Senyè a ki tout fòs mwen.
Li asire pye m tankou pye kabrit.
Li fè m mache sou mòn yo, san m pa tonbe.
Pou chèf k'ap dirije moun k'ap chante yo.

Chwazi Kounye ya:

Abakik 3: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an