Mwen fè yon lòt vizyon ankò, mwen leve je m gade. Mwen wè kat cha lagè ki t'ap sòti nan fant de mòn fèt an kwiv. Premye cha a te gen chwal wouj ki t'ap rale l. Dezyèm cha a te gen chwal nwa ki t'ap rale l. Twazyèm cha a te gen chwal blan ki t'ap rale l. Katriyèm cha a te gen chwal takte wouj ki t'ap rale l. Mwen pran lapawòl, mwen mande zanj ki t'ap pale avè m lan: — Sa sa yo ye, mèt? Zanj lan reponn mwen: — Se kat van ki fenk sòti devan Mèt tout latè a. Cha chwal nwa yo t'ap rale a pran direksyon peyi ki sou bò nò a. Cha chwal blan yo t'ap rale a pran menm direksyon an. Cha chwal takte wouj yo t'ap rale a pran direksyon peyi ki sou bò sid la. Lè chwal takte wouj yo parèt, yo t'ap pyafe, yo pat ka tann ankò pou y'al toupatou sou latè. Zanj lan di yo: — Ale toupatou sou latè! Yo kouri ale toupatou sou latè. Lèfini, zanj lan rele m, li di m konsa: — Chwal ou wè ki pran direksyon peyi ki sou bò nò a fè kòlè Senyè a tonbe.
Li Zakari 6
Koute Zakari 6
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Zakari 6:1-8
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo