Zakari 6

6
Vizyon cha lagè yo
1Mwen fè yon lòt vizyon ankò, mwen leve je m gade. Mwen wè kat cha lagè ki t'ap sòti nan fant de mòn fèt an kwiv. 2Premye #Zak 1.8 cha a te gen chwal wouj ki t'ap rale l. Dezyèm cha a te gen chwal nwa ki t'ap rale l. 3Twazyèm cha a te gen chwal blan ki t'ap rale l. Katriyèm cha a te gen chwal takte wouj ki t'ap rale l. 4Mwen pran lapawòl, mwen mande zanj ki t'ap pale avè m lan:
— Sa sa yo ye, mèt?
5Zanj #Sòm 104.4; Eb 1.7 lan reponn mwen:
— Se kat van ki fenk sòti devan Mèt tout latè a.
6Cha chwal nwa yo t'ap rale a pran direksyon peyi ki sou bò nò a. Cha chwal blan yo t'ap rale a pran menm direksyon an. Cha chwal takte wouj yo t'ap rale a pran direksyon peyi ki sou bò sid la. 7Lè chwal takte wouj yo parèt, yo t'ap pyafe, yo pat ka tann ankò pou y'al toupatou sou latè. Zanj lan di yo:
— Ale toupatou sou latè!
Yo kouri ale toupatou sou latè. 8Lèfini, zanj lan rele m, li di m konsa:
— Chwal ou wè ki pran direksyon peyi ki sou bò nò a fè kòlè Senyè a tonbe.
Kouwòn Jozye a
9Senyè a pale avè m ankò. Li di m konsa:
10— W'a #2 Wa 25.18 pran ofrann moun ki sòti nan peyi kote yo te depòte yo a: Eldayi, Tobija ak Jedaya. W'a ale lakay Jozyas, pitit gason Sofoni an, ki fenk rive sòti lavil Babilòn. 11W'a pran ajan ak lò yo te ba ou yo, w'a fè yon kouwòn, w'a mete l sou tèt Jozye, pitit gason Jozadak la, granprèt la. 12Lèfini, w'a pale avè l, w'a di l: Men sa Senyè a di: Men moun yo rele Boujon an. Li pral pouse kote li ye a. Li pral rebati kay ki apa pou Senyè a. 13Se #Sòm 21.5; 110.4; Eze 21.27 li menm ki pral rebati kay ki apa pou Senyè a. Yo pral konsidere l tankou yon wa. Li pral chita sou fòtèy la pou l gouvènen pèp mwen an. Va gen yon prèt bò kote l. Y'a travay ansanm ak kè poze. 14Kouwòn lan menm va rete nan kay ki apa pou Senyè a. L'a sèvi pou fè moun toujou chonje Eldayi, #6.14: a) Eldayi: Dapre yon ansyen vèsyon, men tèks ebre a bay: Elèm. Tobija, Jedaja ak Jozyas, #6.14: b) Jozyas: Dapre yon ansyen vèsyon, men tèks ebre a bay: En. pitit gason Sofoni an.
15Moun #Det 30.1-3; Eza 60.10; Zak 2.9 ki rete byen lwen va vini, y'a ede nou rebati Tanp Senyè a. Lè sa a, n'a konnen se Senyè ki gen tout pouvwa a ki te voye m kote nou. Se sa menm ki va rive si nou fè tou sa Senyè a, Bondye nou an, ban nou lòd fè.

Chwazi Kounye ya:

Zakari 6: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte