Zakari 13

13
1Lè sa a, yon sous dlo va pete pou lave #Eze 36.25 moun fanmi David yo ak moun ki rete lavil Jerizalèm yo pou wete peche yo, pou mete yo nan kondisyon pou yo sèvi Bondye ankò. Se Senyè a menm ki di sa.
2Senyè a #Egz 23.13; Mi 5.13; Zak 10.2 pale, li di ankò:
— Lè sa a, m'a disparèt ata non zidòl yo nan peyi a. Pèsonn p'ap chonje yo ankò. M'a wete pwofèt yo nan peyi a, m'a wete nan kè tout moun lide pou yo sèvi zidòl. 3Konsa, #Det 13.1-11 si yon moun vle pou l bay mesay ki sòti nan Bondye, papa l ak manman l ki fè l va di se pou l mouri, paske li pran pòz se mesay ki sòti nan Bondye, Senyè a, l'ap bay, epi se pa vre, se manti l'ap bay. Pandan l'ap bay mesay la, papa l ak manman l ki fè l la va pèse l. 4#2 Wa 1.8; Mi 3.7 sa a, pwofèt yo pral wont lè y'a fè yon vizyon. Yo p'ap mete rad fèt ak twal yo te konn gen sou yo. Yo p'ap ka bay manti ankò. 5Men, #Am 7.14 tout moun va di: Se pa pwofèt mwen ye. Mwen se yon senp abitan. Depi m piti se latè m'ap travay. #13.5: Depi m piti se latè m'ap travay: Nou pa fin sèten se sa mo ebre yo vle di. 6Si yon moun mande l: Poukisa tout mak blese sa yo sou ponyèt ou? L'a reponn: Se kay yon zanmi sa rive m.
Bondye pral touye gadò mouton l yo
7Senyè #Eza 40.11; Mat 26.31 ki gen tout pouvwa a pale, li di ankò:
— Nepe, leve non! Al atake gadò mouton m yo,
moun k'ap travay avè m lan.
Touye l pou bann mouton an ka gaye.
M'ap pini ata moun ki pi piti yo.
8Nan tout peyi a, sou chak twa moun,
de pral mouri, yonn va rete.
9Mwen #Sòm 50.15; Eza 48.10; Eze 11.20; Mal 3.2,3 pral pase rès moun sa yo nan dife.
Mwen pral netwaye yo
menm jan yo netwaye ajan nan dife.
Mwen pral wè ki kalite moun yo ye
menm jan yo pase lò nan dife pou wè si li bon.
Y'a lapriyè nan pye m, m'a reponn yo.
M'a di yo se pèp pa m yo ye.
Y'a di se mwen menm, Senyè a, ki Bondye yo.

Chwazi Kounye ya:

Zakari 13: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte