Zakari 12

12
Delivrans pou lavil Jerizalèm
1Men mesay Senyè a bay pou fè konnen #Eza 42.5; 48.13 volonte l sou moun pèp Izrayèl yo. Men desizyon li pran, li menm Senyè a, ki louvri syèl la nan plas li, ki kreye latè a epi ki bay moun lavi. 2Mwen #Eza 51.17,22,23; Zak 14.14 pral fè lavil Jerizalèm fè moun lòt nasyon ki bò kote l yo pèdi tèt yo, tankou moun ki sou. Lè y'a sènen lavil Jerizalèm, yo pral sènen lavil ki nan rès peyi Jida yo tou. 3#Zak 14.2; Mat 21.44 sa a, m'ap fè lavil Jerizalèm tounen yon gwo wòch lou kou pwa senkant. Tout nasyon ki va chache leve l va foule anba l. Tout moun sou latè pral mete ansanm pou yo atake l. 4Jou #Det 28.28; Sòm 76.6 sa a atò, m'ap fè tout chwal yo onbraje, m'ap fè kavalye yo depale. Se mwen menm Senyè a ki di sa. M'ap veye pèp Jida a pou anyen pa rive yo. Men, m'ap fè tout chwal lènmi l yo vin avèg. 5Lè sa a, moun fanmi Jida yo va di nan kè yo se Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye yo a, ki tout fòs moun ki rete lavil Jerizalèm yo.
6#Jer 5.14; Zak 2.4; 14.10,11 sa a, m'ap fè moun fanmi Jida yo tounen tankou yon boukan dife nan mitan yon rakbwa, osinon y'ap tankou bwa chandèl limen nan mitan pay chèch. L'ap devore tout peyi ki toupre l yo, sou bò gòch ak sou bò dwat. Men, moun lavil Jerizalèm yo ap rete nan plas yo. 7Premye moun Senyè a ap delivre, se va moun Jida yo. Konsa, lwanj y'a fè pou pitit pitit David yo ak pou pèp Jerizalèm lan p'ap pi gwo pase lwanj y'ap fè pou rès moun Jida yo. 8#2 Sam 19.27; Eza 60.22 sa a, Senyè a va louvri zèl li pou l pwoteje tout moun ki rete lavil Jerizalèm yo. Wi, lè sa a, menm pi fèb la ap gen fòs tankou David. Pitit pitit David yo va alatèt pou dirije yo tankou Bondye, tankou zanj Senyè a. 9#Zak 14.3 sa a, m'a detwi tout nasyon ki va konprann pou yo atake lavil Jerizalèm.
10M'a #Jer 6.26; 31.9; 50.4; Jan 19.37; Rev 1.7 fè pitit pitit David yo ak moun lavil Jerizalèm yo gen bon kè. M'a fè yo konn lapriyè nan pye m. Y'a leve je yo gade m, y'a wè moun yo te pèse a. Y'a nan gwo lapenn pou li tankou moun ki pèdi sèl pitit li te genyen an. Y'a pete rele tankou moun ki pèdi premye pitit gason yo. 11#2 Kwo 35.22,24 sa a, rèl ap pete lavil Jerizalèm tankou lè rèl te pete pou Adad-Rimòn #12.11: Adad-Rimòn: Se ka yon lòt non pou bondye moun Kanaran yo ak moun Siri yo. Chak fwa pyebwa yo jete fèy, moun yo menm te konprann bondye yo a te mouri. Se konsa chak lanne yo fè sèvis pou lanmò li. nan plenn Megidon an. 12Nan #2 Sam 5.14; Zak 7.3; Lik 3.31 peyi a, chak fanmi va mete tèt yo ansanm pou yo rele pou kont yo, gason nan fanmi David yo yon bò, medam yo yon lòt bò, gason nan fanmi Natan yo yon bò, medam yo yon lòt bò, 13gason #Nonb 3.18 nan fanmi Levi yo yon bò, medam yo yon lòt bò, gason nan fanmi Chimèy yo yon bò, medam yo yon lòt bò. 14Tout rès fanmi yo va kenbe rèl la tou, gason yo yon bò, medam yo yon lòt bò, chak fanmi bò pa yo.

Chwazi Kounye ya:

Zakari 12: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte