Kantik (Pi bèl Chante a)

(Pi bèl Chante a)
Jwif yo te rele l pi bèl chante pase tout chante, chante ki pa rete ak chante. Se istwa de moun damou k'ap koze yon ak lòt. Yon ap di lòt jan yon renmen anpil, san okenn move lide dèyè tèt yo. Gen kèk koze ki ka parèt yon ti jan derespektan, koze yo pa ta fè sou moun an sosyete, men fòk nou chonje nan tan lontan sa a se konsa yo te konn fè chante pou moun k'ap marye, yo pat wè anyen sal nan renmen gason ak fi.
Nan Labib nou wè ki jan maryaj se yon bagay ki dakò ak volonte Bondye. Se poutèt sa yo toujou pran maryaj la tankou yon modèl pou esplike rapò Bondye ak moun sou latè: Se tankou de moun ki renmen. Se konsa jwif nan tan lontan yo te pran Pi bèl chante sa a tankou yon chante sou Bondye ak pèp Izrayèl la. Pou kretyen yo, chante a se sou Jezikri ak legliz li a.
Jan sa ekri nan premye vèsè a se ka yon chante yo te fè sou Salomon, osinon yon chante pou Salomon, oswa yon chante Salomon menm te ekri. Tout jan, sa pa wete anyen nan valè liv la.
Men plan liv la
1. Premye chante (1.1—2.7)
2. Dezyèm chante (2.8—3.5)
3. Twazyèm chante (3.6—5.1)
4. Katriyèm chante (5.2—6.3)
5. Senkyèm chante (6.4—8.4)
6. Sizyèm chante (8.5-14)

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte