Rit 1:1-21

Rit 1:1-21 HAT98

Vwala, te gen yon grangou ki te tonbe sou peyi Izrayèl. Se epòk te gen jij ki te alatèt peyi a. Se konsa yon nonm lavil Betleyèm nan pòsyon tè branch fanmi Jida, leve. Li pran madanm li ak de pitit madanm li yo, l'ale pase yon tan nan peyi Mowab. Nonm lan te rele Elimelèk. Madanm li te rele Nawomi. De pitit gason li yo, se te Maklon ak Kiljon. Se moun branch fanmi Efrat yo te ye, moun lavil Betleyèm nan peyi Jida. Antan yo, t'ap viv nan peyi Mowab, Elimelèk mouri kite Nawomi ak de pitit gason. De ti mesye yo te marye ak de fi moun peyi Mowab: yonn te rele Opa, lòt la te rele Rit. Yo t'ap mache sou dizan depi yo t'ap viv nan peyi a, lè Maklon ak Kiljon vin mouri tou. Se konsa Nawomi vin twouve li poukont li paske li te pèdi ni mari li ni pitit gason li yo. Antan Nawomi te peyi Mowab toujou, li vin pran nouvèl jan Senyè a te voye benediksyon sou pèp li a, jan li te fè yo fè bon rekòt. Menm lè a, li pare zafè l pou l kite peyi Mowab ansanm ak de bèlfi li yo. Se konsa yo leve, yo kite kote yo te ye a, yo pati ansanm pou y'al nan peyi Jida. Men, antan yo sou wout, Nawomi di bèlfi li yo konsa: — Pito nou tounen lakay nou al jwenn manman nou. Mwen mande Senyè a pou l aji byen ak nou menm jan nou te aji byen avè m ansanm ak defen yo. Mwen mande li pou li fè nou chak jwenn yon moun marye ak nou pou nou ka viv ak kèpoze lakay nou. Lè li fin di yo sa, li bo yo, li di yo l ale. Men, de medam yo pete rele. Yo di l konsa: — Non! Nou prale avè ou nan peyi ou. Men, Nawomi reponn yo: — Pitit mwen, pito nou tounen! Poukisa nou vle ale avè m? Nou kwè mwen ka fè pitit gason ankò pou marye ak nou? Tounen lakay nou! Mwen twò granmoun pou m marye ankò. Epitou, menm si mwen ta mete nan tèt mwen mwen gen espwa marye ankò, menm si mwen ta rive marye aswè a epi m ta fè pitit gason ankò, eske n'ap rete tann yo fin gran? Eske se sa k'ap anpeche nou marye ak yon lòt moun? Non, pitit fi m yo. Nou konnen sa pa ka fèt. Sa fè m mal anpil pou nou. Men Senyè a fè m twòp lapenn dejà. Medanm yo pran rele pi rèd. Apre sa, Opa bo bèlmè li a, li di l orevwa, epi l'al jwenn fanmi li. Men, Rit menm te refize kite l. Nawomi di l konsa: — Rit machè! Gade bèlsè ou la! Li tounen l'al jwenn moun li yo ansanm ak bondye l'ap sèvi yo. Fè menm jan an tou. Tounen ansanm avè l non! Men, Rit reponn: — Pa fòse m kite ou! Tanpri, kite m ale avè ou. Kote ou prale, mwen prale avè ou. Kote ou rete, m'a rete avè ou. Se moun pa ou yo ki va moun pa m. Bondye w'ap sèvi a, se li m'a sèvi tou. Kote w'a mouri a, se la m'a mouri tou. Epi se la y'a antere m tou. Mwen mande Senyè a pou l ban mwen pi gwo madichon ki ka genyen, si se pa lanmò ki pou separe nou. Lè Nawomi wè Rit te sòti vre pou ale avè l, li pa di l anyen ankò. Yo pati, yo vwayaje ansanm jouk yo rive lavil Betleyèm. Lè yo rive, wè moun wè yo, lavil la te tèt anba. Medam yo menm t'ap di: — Ou kwè se Nawomi sa? Nawomi reponn yo: — Tanpri, pa rele m Nawomi. Pito nou rele m Mara, paske Bondye ki gen tout pouvwa a fè m soufri anpil. Lè m te pati isit la, mwen te gen tou sa m te bezwen. Men jòdi a, Senyè a mennen m tounen de men m de pye m. Poukisa pou n'ap rele m Nawomi toujou lè Senyè a fin vire do ban mwen, lè se malè ase Bondye ki gen tout pouvwa a voye sou mwen?

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak Rit 1:1-21

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an