Rit 1:1-21

Rit 1:1-21 1998 Haïtienne (HAT98)

Vwala, te gen yon grangou ki te tonbe sou peyi Izrayèl. Se epòk te gen jij ki te alatèt peyi a. Se konsa yon nonm lavil Betleyèm nan pòsyon tè branch fanmi Jida, leve. Li pran madanm li ak de pitit madanm li yo, l'ale pase yon tan nan peyi Mowab. Nonm lan te rele Elimelèk. Madanm li te rele Nawomi. De pitit gason li yo, se te Maklon ak Kiljon. Se moun branch fanmi Efrat yo te ye, moun lavil Betleyèm nan peyi Jida. Antan yo, t'ap viv nan peyi Mowab, Elimelèk mouri kite Nawomi ak de pitit gason. De ti mesye yo te marye ak de fi moun peyi Mowab: yonn te rele Opa, lòt la te rele Rit. Yo t'ap mache sou dizan depi yo t'ap viv nan peyi a, lè Maklon ak Kiljon vin mouri tou. Se konsa Nawomi vin twouve li poukont li paske li te pèdi ni mari li ni pitit gason li yo. Antan Nawomi te peyi Mowab toujou, li vin pran nouvèl jan Senyè a te voye benediksyon sou pèp li a, jan li te fè yo fè bon rekòt. Menm lè a, li pare zafè l pou l kite peyi Mowab ansanm ak de bèlfi li yo. Se konsa yo leve, yo kite kote yo te ye a, yo pati ansanm pou y'al nan peyi Jida. Men, antan yo sou wout, Nawomi di bèlfi li yo konsa: — Pito nou tounen lakay nou al jwenn manman nou. Mwen mande Senyè a pou l aji byen ak nou menm jan nou te aji byen avè m ansanm ak defen yo. Mwen mande li pou li fè nou chak jwenn yon moun marye ak nou pou nou ka viv ak kèpoze lakay nou. Lè li fin di yo sa, li bo yo, li di yo l ale. Men, de medam yo pete rele. Yo di l konsa: — Non! Nou prale avè ou nan peyi ou. Men, Nawomi reponn yo: — Pitit mwen, pito nou tounen! Poukisa nou vle ale avè m? Nou kwè mwen ka fè pitit gason ankò pou marye ak nou? Tounen lakay nou! Mwen twò granmoun pou m marye ankò. Epitou, menm si mwen ta mete nan tèt mwen mwen gen espwa marye ankò, menm si mwen ta rive marye aswè a epi m ta fè pitit gason ankò, eske n'ap rete tann yo fin gran? Eske se sa k'ap anpeche nou marye ak yon lòt moun? Non, pitit fi m yo. Nou konnen sa pa ka fèt. Sa fè m mal anpil pou nou. Men Senyè a fè m twòp lapenn dejà. Medanm yo pran rele pi rèd. Apre sa, Opa bo bèlmè li a, li di l orevwa, epi l'al jwenn fanmi li. Men, Rit menm te refize kite l. Nawomi di l konsa: — Rit machè! Gade bèlsè ou la! Li tounen l'al jwenn moun li yo ansanm ak bondye l'ap sèvi yo. Fè menm jan an tou. Tounen ansanm avè l non! Men, Rit reponn: — Pa fòse m kite ou! Tanpri, kite m ale avè ou. Kote ou prale, mwen prale avè ou. Kote ou rete, m'a rete avè ou. Se moun pa ou yo ki va moun pa m. Bondye w'ap sèvi a, se li m'a sèvi tou. Kote w'a mouri a, se la m'a mouri tou. Epi se la y'a antere m tou. Mwen mande Senyè a pou l ban mwen pi gwo madichon ki ka genyen, si se pa lanmò ki pou separe nou. Lè Nawomi wè Rit te sòti vre pou ale avè l, li pa di l anyen ankò. Yo pati, yo vwayaje ansanm jouk yo rive lavil Betleyèm. Lè yo rive, wè moun wè yo, lavil la te tèt anba. Medam yo menm t'ap di: — Ou kwè se Nawomi sa? Nawomi reponn yo: — Tanpri, pa rele m Nawomi. Pito nou rele m Mara, paske Bondye ki gen tout pouvwa a fè m soufri anpil. Lè m te pati isit la, mwen te gen tou sa m te bezwen. Men jòdi a, Senyè a mennen m tounen de men m de pye m. Poukisa pou n'ap rele m Nawomi toujou lè Senyè a fin vire do ban mwen, lè se malè ase Bondye ki gen tout pouvwa a voye sou mwen?

Pataje
Li Rit 1

Rit 1:1-21 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Cette histoire se passe au temps où les juges gouvernent le peuple d’Israël. À ce moment-là, il y a une famine dans le pays. Alors Élimélek, un homme du village de Bethléem, dans la région de Juda, part avec sa femme et ses deux fils. Ils vont dans la région de Moab . Sa femme s’appelle Noémi, et ses fils s’appellent Malon et Kilion. Ils sont du clan d’Éfrata. Ils arrivent donc dans le pays de Moab et s’installent là. Ensuite, Élimélek, le mari de Noémi, meurt, et Noémi reste seule avec ses deux fils. Plus tard, les garçons se marient avec des filles de Moab : l’une s’appelle Orpa, l’autre s’appelle Ruth. Ils habitent là pendant dix ans à peu près. Puis Malon et Kilion meurent aussi, tous les deux. Noémi reste seule, sans enfants et sans mari. Un jour, toujours dans le pays de Moab, Noémi apprend cette nouvelle : le SEIGNEUR a montré sa bonté pour son peuple en lui donnant de bonnes récoltes. Alors elle se prépare à quitter le pays de Moab avec les deux femmes de ses fils. Elle quitte le lieu où elle vit avec ses deux belles-filles. Les femmes prennent la route ensemble pour aller au pays de Juda. Mais Noémi dit à Orpa et à Ruth : « Maintenant, mes filles, rentrez chacune chez votre mère. Vous avez agi avec bonté envers mes fils qui sont morts et envers moi. De la même façon, que le SEIGNEUR montre sa bonté envers vous ! Qu’il vous permette à toutes les deux de retrouver un mari et d’être heureuses avec lui ! » Puis elle les embrasse. Alors les deux jeunes femmes se mettent à pleurer beaucoup. Puis elles disent à Noémi : « Non ! Nous allons avec toi dans ton pays. » Mais Noémi leur dit : « Rentrez dans votre famille, mes filles. Pourquoi est-ce que vous voulez venir avec moi ? Est-ce que je peux encore avoir des fils qui pourraient se marier avec vous ? Non ! Je suis trop vieille pour cela. Rentrez chez vous, mes filles. Oui, partez. Je suis trop vieille pour me remarier. Bien sûr, je pourrais dire : “Il y a encore de l’espoir pour moi. Oui, cette nuit même, je vais avoir un mari qui va me donner des fils.” Mais, même dans ce cas, est-ce que vous pouvez attendre qu’ils soient grands ? Est-ce que vous allez refuser de vous remarier pour cela ? Non, mes filles, ma vie est plus dure que la vôtre. En effet, la main du SEIGNEUR m’a frappée. » Alors les deux jeunes femmes recommencent à pleurer beaucoup. Puis Orpa dit au revoir à sa belle-mère en l’embrassant. Mais Ruth décide de rester avec elle. Noémi dit à Ruth : « Regarde, ta belle-sœur est retournée vers son peuple et vers le dieu de son peuple. Fais comme elle, rentre chez toi ! » Mais Ruth répond : « Ne me force pas à te quitter pour rentrer chez moi. Là où tu iras, j’irai. Là où tu habiteras, j’habiterai. Ton peuple sera mon peuple, et ton Dieu sera mon Dieu. Là où tu mourras, je mourrai, et là on m’enterrera. Que le SEIGNEUR me punisse très sévèrement si ce n’est pas la mort qui me sépare de toi ! » Quand Noémi voit que Ruth veut à tout prix venir avec elle, elle n’insiste plus. Les deux femmes marchent ensemble jusqu’à Bethléem. Quand elles arrivent là, tous les habitants sont surpris de les voir. Les femmes du village disent : « Est-ce que c’est Noémi ? » Mais Noémi leur répond : « Ne m’appelez pas Noémi, la femme heureuse. Appelez-moi Mara, la femme amère, car le Tout-Puissant a rendu ma vie très amère. En partant d’ici, j’avais les mains pleines. Le SEIGNEUR me fait revenir les mains vides. Il s’est tourné contre moi, le Tout-Puissant m’a fait du mal. Ne m’appelez donc plus Noémi, la femme heureuse ! »

Pataje
Li Rit 1

Rit 1:1-21 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Nan epòk jij yo t ap gouvène Izrayèl, yon gwo grangou te tonbe sou peyi a. Yon mesye yo te rele Elimelèk, moun lavil Betleyèm, nan peyi Jida, ansanm ak madanm li ak de pitit gason li, t al rete tankou etranje nan peyi Mowab. Madanm nan te rele Nawomi, youn nan de pitit gason yo te rele Maklon, lòt la te rele Kilyon. Yo te soti nan fanmi Efrata, lavil Betleyèm, pou y al rete nan peyi Mowab. Kèk tan apre, Elimelèk mouri. Li kite Nawomi tousèl avèk de pitit gason yo. Pitit gason yo, yo chak te marye ak yon fi, moun peyi Mowab. Youn nan medam yo te rele Òpa epi lòt la te rele Rit. Apre dis lane kon sa nan peyi Mowab, Malon ak Kilyon mouri tou. Nawomi te vin rete poukont li, san mari li, san pitit gason l yo tou. Pandan l nan peyi Mowab, Nawomi vin aprann SENYÈ a te vizite peyi Jida epi li te ba yo yon bon rekòt. Li pran desizyon ak bèlfi l yo pou l kite peyi Mowab. Nawomi te kite plas kote yo t ap viv la, epi de bèlfi li yo te pati avèk li. Yo pran wout ki ta mennen Nawomi tounen nan peyi Jida. Men, pandan yo nan wout la, Nawomi di de bèlfi li yo: “Se pou nou tounen lakay nou al jwenn manman nou. Se pou SENYÈ a beni nou fè nou gras, menm jan nou te aji byen ak mwen ansanm ak de pitit gason m yo ki pa la ankò. Se pou SENYÈ a fè nou chak jwen yon lòt mari ak yon lòt bon kote pou nou viv!” Nawomi anbrase bèlfi l yo, li di yo orevwa, epi yo tonbe kriye byen fò. De bèlfi yo reponn, yo di Nawomi: “Non, n ap retounen avè w pou n ale viv nan mitan pèp ou a.” Men Nawomi di: “Pitit fi m yo, retounen ale kote nou te soti non! Poukisa pou n ta vini avèk mwen? M pa ka fè lòt pitit gason ankò pou marye avèk nou. Tounen, pitit fi m yo. Paske mwen fin granmoun, m p ap ka marye ankò! Sipoze sa ta posib; sipoze mwen ta gen yon mari aswè a epi m ta fè de pitit gason, nou panse nou t ap rete tann yo grandi pou yo marye avèk nou? Èske nou t ap ka rete tout tan sa a san marye? Non, pitit fi mwen yo. Nou pa oblije soufri menm jan avè m. Sevre, se men SENYÈ a menm ki vire kont mwen.” Lè sa a yo tout te pran kriye ankò. Òpa anbrase bèlmè li Nawomi epi di li orevwa. Men Rit menm pa t vle kite Nawomi ale. Li deside rete ak Nawomi. Nawomi di Rit: “Ou wè, men bèlsè ou kase tèt tounen lakay li pou l al sèvi pwòp dye pa li yo. Fè sa tou, ale avèk li.” Men, Rit reponn: “Pa fòse m kite w ale poukont ou. Kote ou fè, se la m ap fè. Kote ou dòmi, se la m ap dòmi. Pèp pa w la, se li k i va pèp pa mwen. Bondye pa w la, se li ki va Bondye m tou. Kote ou mouri, se la m vle mouri, kote ou antere se la m vle antere tou. Se pou SENYÈ a ta pini m trè di si se pa ta lanmò sèlman ki ta separe m ak ou.” Lè Nawomi wè Rit pa deside vire do kite l, li sispann fòse l. Konsa, Nawomi ak Rit te vwayaje jouk yo rive lavil Bètleyèm. Lè yo rive Bètleyèm, moun nan vil la te kòmanse ap pale sou yo. Medam yo t ap di byen fò: “Mezanmi, èske se Nawomi toutbonvre!” Nawomi di yo: “Pa rele m Nawomi. Rele m Mara, paske Bondye ki gen tout pouvwa a fè lavi m vin anmè anpil. Lè m t ap pati, mwen te chaje ak bagay, kounye a SENYÈ a mennen m tounen de men vid. Poukisa nou ban m yon bèl non konsa, Nawomi, poutan SENYÈ a leve kont mwen? Bondye ki gen tout pouvwa a fè tout mal sa yo tonbe sou mwen.”

Pataje
Li Rit 1

Rit 1:1-21 New International Version (NIV)

In the days when the judges ruled, there was a famine in the land. So a man from Bethlehem in Judah, together with his wife and two sons, went to live for a while in the country of Moab. The man’s name was Elimelek, his wife’s name was Naomi, and the names of his two sons were Mahlon and Kilion. They were Ephrathites from Bethlehem, Judah. And they went to Moab and lived there. Now Elimelek, Naomi’s husband, died, and she was left with her two sons. They married Moabite women, one named Orpah and the other Ruth. After they had lived there about ten years, both Mahlon and Kilion also died, and Naomi was left without her two sons and her husband. When Naomi heard in Moab that the LORD had come to the aid of his people by providing food for them, she and her daughters-in-law prepared to return home from there. With her two daughters-in-law she left the place where she had been living and set out on the road that would take them back to the land of Judah. Then Naomi said to her two daughters-in-law, “Go back, each of you, to your mother’s home. May the LORD show you kindness, as you have shown kindness to your dead husbands and to me. May the LORD grant that each of you will find rest in the home of another husband.” Then she kissed them goodbye and they wept aloud and said to her, “We will go back with you to your people.” But Naomi said, “Return home, my daughters. Why would you come with me? Am I going to have any more sons, who could become your husbands? Return home, my daughters; I am too old to have another husband. Even if I thought there was still hope for me—even if I had a husband tonight and then gave birth to sons— would you wait until they grew up? Would you remain unmarried for them? No, my daughters. It is more bitter for me than for you, because the LORD’s hand has turned against me!” At this they wept aloud again. Then Orpah kissed her mother-in-law goodbye, but Ruth clung to her. “Look,” said Naomi, “your sister-in-law is going back to her people and her gods. Go back with her.” But Ruth replied, “Don’t urge me to leave you or to turn back from you. Where you go I will go, and where you stay I will stay. Your people will be my people and your God my God. Where you die I will die, and there I will be buried. May the LORD deal with me, be it ever so severely, if even death separates you and me.” When Naomi realized that Ruth was determined to go with her, she stopped urging her. So the two women went on until they came to Bethlehem. When they arrived in Bethlehem, the whole town was stirred because of them, and the women exclaimed, “Can this be Naomi?” “Don’t call me Naomi,” she told them. “Call me Mara, because the Almighty has made my life very bitter. I went away full, but the LORD has brought me back empty. Why call me Naomi? The LORD has afflicted me; the Almighty has brought misfortune upon me.”

Pataje
Li Rit 1

Rit 1:1-21 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

A l’époque où les chefs gouvernaient Israël, une famine survint dans le pays. Un homme de Bethléhem en Juda partit séjourner avec sa femme et ses deux fils dans la campagne du pays de Moab. Cet homme s’appelait Elimélek, sa femme Noémi et ses deux fils Mahlôn et Kilyôn. Ils faisaient partie des Ephratiens, de Bethléhem en Juda. Ils parvinrent en Moab, dans la campagne, et s’y établirent. Elimélek, le mari de Noémi, mourut là et elle resta seule avec ses deux fils. Ils épousèrent des femmes moabites, dont l’une s’appelait Orpa et l’autre Ruth. Ils demeurèrent là une dizaine d’années, puis Mahlôn et Kilyôn moururent à leur tour, et Noémi resta seule, privée à la fois de ses deux fils et de son mari. Lorsqu’elle apprit que l’Eternel était intervenu en faveur de son peuple et qu’il lui avait donné de quoi se nourrir, Noémi se mit en route avec ses deux belles-filles pour rentrer du pays de Moab. Elles quittèrent donc ensemble l’endroit où elles s’étaient établies et prirent le chemin du pays de Juda. Alors Noémi dit à ses deux belles-filles : Allez et rentrez chacune dans la famille de votre mère  ! Que l’Eternel soit bon pour vous, comme vous l’avez été pour ceux qui sont morts et pour moi-même. Qu’il vous donne à chacune de trouver le bonheur dans un nouveau foyer. Puis elle les embrassa pour prendre congé. Les deux jeunes femmes pleurèrent à gros sanglots et lui dirent : Non ! nous t’accompagnerons dans ta patrie. Noémi leur répondit : Retournez chez vous, mes filles ! Pourquoi viendriez-vous avec moi ? Je ne peux plus avoir des fils qui pourraient vous épouser. Retournez chez vous, mes filles, allez ! Je suis trop âgée pour me remarier. Et même si je disais : « J’ai de quoi espérer des enfants, je me donnerai à un mari cette nuit même et j’en aurai des fils, attendriez-vous qu’ils aient grandi et renonceriez-vous pour cela à vous remarier ? Bien sûr que non, mes filles ! Je suis bien plus affligée que vous, car l’Eternel est intervenu contre moi. » Alors les deux belles-filles se remirent à sangloter. Finalement, Orpa embrassa sa belle-mère, mais Ruth resta avec elle. Noémi lui dit : Regarde : ta belle-sœur est partie rejoindre son peuple et ses dieux, fais comme elle : retourne chez les tiens ! Mais Ruth lui répondit : N’insiste pas pour que je te quitte et que je me détourne de ta route ; partout où tu iras, j’irai ; où tu t’installeras, je m’installerai ; ton peuple sera mon peuple et ton Dieu sera mon Dieu. Là où tu mourras, je mourrai aussi et j’y serai enterrée. Que l’Eternel me punisse avec la plus grande sévérité, si autre chose que la mort me sépare de toi ! Devant une telle résolution à la suivre, Noémi cessa d’insister et elles s’en allèrent toutes deux ensemble jusqu’à Bethléhem. Leur arrivée là-bas mit toute la localité en émoi. – Est-ce bien là Noémi ? demandèrent les femmes. Elle leur répondit : Ne m’appelez plus Noémi (L’heureuse), appelez-moi Mara (L’affligée), car le Tout-Puissant m’a beaucoup affligée. Je suis partie d’ici comblée, et l’Eternel m’y fait revenir les mains vides. Alors pourquoi m’appeler encore Noémi quand l’Eternel s’est prononcé contre moi et que le Tout-Puissant m’a plongée dans l’affliction ?

Pataje
Li Rit 1

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an