Women 2

2
Jan Bondye jije moun
1Monchè, nenpòt sa ou ye, ou menm k'ap jije lòt #Mat 7.2; Jan 8.7 moun yo, ou pa gen eskiz. Ou menm k'ap fè menm bagay ak lòt yo, se pwòp tèt pa ou w'ap kondannen lè w'ap jije yo. 2Nou konnen Bondye ap jije moun k'ap fè bagay sa yo, epi l'ap jije yo yon jan k'ap dakò ak verite a. 3Monchè, ou menm k'ap jije moun k'ap fè bagay sa yo epi k'ap aji menm jan an tou, eske ou kwè w'a chape anba jijman Bondye a? 4Osinon, #2 Pyè 3.15 eske se meprize w'ap meprize Bondye ki gen bon kè anpil, ki gen pasyans anpil, ki sipòte nou anpil? Se konnen ou pa konnen se pou l ka rele ou vin chanje lavi ou kifè Bondye gen bon kè konsa? 5Men, w'ap fè tèt di. Ou pa sòti pou chanje lavi ou. Se poutèt sa, w'ap pare yon pi gwo chatiman mete la tann ou pou jou Bondye va fè wè kòlè li ansanm ak jijman li k'ap fèt san patipri. 6#Sòm 62.12; Pwo 24.12; Mat 16.27; Jan 5.29; 2 Kor 5.10 sa a, Bondye va bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè. 7Moun ki pa janm sispann fè byen, k'ap chache lwanj ak respè, k'ap chache mwayen pou yo pa janm mouri, moun sa yo va resevwa lavi ki p'ap janm fini an. 8Men, #2 Tes 1.8 moun k'ap kenbe tèt ak Bondye, k'ap refize asepte verite a pou fè sa ki pa bon, moun sa yo, yo fè Bondye fache. Kòlè l va tonbe sou yo. 9Ap #Wòm 1.16; 3.9 gen anpil soufrans ak anpil lapenn pou tout moun ki lage kò yo nan fè sa ki mal: pou jwif yo anpremye, ak pou sa ki pa jwif yo apre sa. 10Men, Bondye va bay tout moun k'ap fè sa ki byen lwanj, respè ak kè poze, jwif yo an premye, apre yo moun lòt nasyon yo. 11Paske, #Tra 10.34; 1 Pyè 1.17 Bondye pa gade sou figi moun.
12Tout moun ki pat konn lalwa Moyiz la epi ki fè sa ki mal, y'ap peri san lalwa pa reskonsab. Men, tout moun ki konnen lalwa a epi ki fè sa ki mal, y'ap pase anba jijman dapre lalwa a. 13Moun #Mat 7.21; 1 Jan 3.7; Jak 1.22,25 ki mache dwat devan Bondye, se pa moun k'ap tande lalwa a nan zòrèy yo sèlman, men se moun ki fè sa lalwa a mande. 14Moun #Tra 10.35 lòt nasyon yo ki pa gen lalwa Moyiz la, yo fè sa lalwa a mande san yo pa konnen. Yo menm ki pa gen lalwa Moyiz la, yo tounen yon lwa pou pwòp tèt pa yo menm si yo pat konn lalwa a. 15Konsa, #Wòm 1.32 yo moutre ki jan sa lalwa Moyiz mande a ekri nan kè yo. Konsyans yo moutre sa tou paske yon lè konsyans yo repwoche yo sa yo fè, yon lòt lè konsyans yo dakò ak sa yo fè. 16Dapre #2 Tim 2.8 Bòn Nouvèl m'ap anonse a, se sa menm ki gen pou rive lè Bondye va voye Jezikri pou jije tou sa lèzòm t'ap fè an kachèt.
17Ou #Jak 2.19 menm ki jwif, ou kache kò ou dèyè lalwa. W'ap vante tèt ou deske ou konn Bondye. 18Ou #Fil 1.10 konnen sa Bondye vle ou fè. Lalwa a moutre ou jan pou chwazi sa ki byen. 19Ou #Mat 15.14; Lik 18.9 mete nan tèt ou ou ka moutre moun ki pa wè yo chemen pou yo pran. Ou konprann se yon limyè ou ye pou moun ki nan fènwa, 20yon #2 Tim 3.5 gid pou iyoran, yon mèt pou moun lespri timoun. Ou mete tou sa nan tèt ou paske ou sèten ou jwenn tout konesans ak tout verite nan lalwa a. 21Enben, #Sòm 50.16-21; Mat 23.3,4 ou menm k'ap bay lòt yo leson, poukisa ou pa bay tèt ou leson tou? 22W'ap mande moun pou yo pa vòlò, epi w'ap vòlò: w'ap defann moun fè adiltè epi ou menm, w'ap fè adiltè! Ou di ou rayi zidòl, epi w'ap piye tanp zidòl yo! 23Wi, ou menm k'ap vante tèt ou deske ou gen lalwa Bondye a, ou se yon wont pou Bondye, pou jan w'ap dezobeyi lalwa a! 24Se #Eza 52.5; Eze 36.20 sa menm ki te ekri: Se nou menm jwif yo ki lakòz moun lòt nasyon yo ap plede pale Bondye mal konsa.
25Si #Jer 4.4; 9.24,25 ou fè sa lalwa a mande ou fè, sikonsizyon an gen valè pou ou. Men, si w'ap dezobeyi lalwa a, se tankou si ou pat janm sikonsi. 26#Gal 5.6 yon moun lòt nasyon ki pa sikonsi fè sa lalwa a mande, eske Bondye p'ap gade li tankou yon moun ki sikonsi? 27Moun lòt nasyon yo ki pa sikonsi men k'ap obeyi lalwa a, yo gen pou yo jije ou, ou menm jwif k'ap dezobeyi lalwa a atout ou gen liv lalwa a nan men ou, atout ou sikonsi a. 28Se #Jan 8.15,39; 7.24 pa aparans ki fè moun jwif tout bon, ni se pa mak sikonsizyon ki sikonsizyon tout bon. 29Jwif #Jen 49.8; Det 30.6; Kol 2.11 ki jwif tout bon, se moun ki jwif nan kè yo. Sikonsizyon tout bon an, se sikonsizyon ki make kè moun. Sa se travay Lespri Bondye a, se pa travay lalwa ki ekri nan liv. Lwanj yon jwif konsa pa sòti nan men moun, men nan men Bondye.

Chwazi Kounye ya:

Women 2: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an