Women 1

1
Salitasyon
1Se mwen menm Pòl, sèvitè Jezikri, yon nonm #Tra 9.15; 13.2; Gal 1.15 Bondye rele pou sèvi li apòt, yon nonm li mete apa pou anonse bòn nouvèl li a, k'ap ekri nou tout kretyen ki nan lavil Wòm.
2Depi #Tit 1.2; Wòm 16.25,26 lontan, Bondye te sèvi ak pwofèt li yo pou pwomèt nou Bonnouvèl sa a nan Liv Sentespri te fè yo ekri a. 3Bonnouvèl #Wòm 9.5; 2 Sam 7.12; Mat 22.42; 2 Tim 2.8 sa a pale nou sou Pitit li Jezikri, Senyè nou, ki soti nan ras wa David. 4Men, #Tra 13.33 dapre Sentespri ki fè nou viv pou Bondye, li te fè nou wè avèk pouvwa se Pitit Bondye a li ye, lè l te leve sòti vivan nan lanmò. 5Gremesi #Tra 26.16-18; Wòm 15.18; Gal 2.7,9 Jezikri sa a, Bondye fè m favè pou m travay tankou apòt, pou m mennen moun tout nasyon, nan non menm Kris la, pou yo vin kwè nan li, pou yo obeyi li. 6Nou menm, kretyen lavil Wòm, nou fè pati nasyon sa yo tou: Bondye rele nou pou nou antre nan fanmi Jezikri a.
7Se #1 Kor 1.2; 2 Kor 1.1; Ef 1.1; Nonb 6.25,26 sa k fè m'ap ekri nou, nou menm Bondye renmen anpil, nou menm Bondye rele pou viv apa pou li. Mwen mande Bondye, Papa nou, ansanm ak Jezikri, Senyè a, pou yo ban nou benediksyon ak kè poze.
Pòl anvi al vizite frè yo lavil Wòm
8Anvan m #Wòm 16.19; 1 Tes 1.8 di nou lòt bagay, kite m di Bondye mèsi pou nou gremesi Jezikri. Paske, toupatou sou latè y'ap pale jan nou gen konfyans nan Bondye. 9Mwen #Fil 1.8; Ef 1.16 pran Bondye pou temwen, Bondye m'ap sèvi ak tout kè mwen lè m'ap anonse Bòn Nouvèl Pitit li a. Se toutan m'ap nonmen non nou; 10se #Tra 19.21; Wòm 15.23,32 san rete m'ap lapriyè pou nou. M'ap mande Bondye pou l kite mwen vin vizite nou yon lè konsa, si se volonte li. 11Se #Tra 28.31 pa ti anvi mwen pa anvi wè nou pou m separe ak nou kèk benediksyon Bondye ban mwen, pou n kapab vin pi fèm. 12Mwen #2 Pyè 1.1 vle di pito, pou m ta la nan mitan nou, pou yonn kapab ankouraje lòt ak konfyans nou gen ansanm nan menm Bondye a.
13Frè m #Jan 15.16 yo, mwen vle nou konn sa: plizyè fwa menm, mwen fè lide al vizite nou, pou jan mwen te anvi wè travay mwen bay bon rezilta nan mitan nou menm jan li bay bon rezilta nan mitan lòt nasyon yo. Men, chak fwa mwen jwenn anpechman, jouk kounyeya. 14Reskonsablite mwen, se pou m'anonse Bonnouvèl la bay tout moun: kit yo eklere, kit yo pa eklere. Kit yo save, kit yo pa save. 15Se poutèt sa, m anvi vin anonse Bòn Nouvèl la ban nou, nou menm ki rete lavil Wòm.
Pouvwa Bòn Nouvèl la
16Mwen #Sòm 119.46; 1 Kor 1.18,24; Tra 13.46 pa wont levanjil la. Li se yon pisans Bondye ki la pou delivre tout moun ki kwè: jwif yo anpremye, epi moun lòt nasyon yo apre sa. 17Bon #Wòm 3.21,22; Aba 2.4 nouvèl sa a fè nou wè ki jan Bondye fè moun gras. Travay sa a, li konmanse ak konfyans moun gen nan Bondye, li fini nan menm konfyans la tou, jan sa te ekri a:
Moun Bondye fè gras
paske li gen konfyans nan Bondye,
se li menm ki va gen lavi. #1.17: Moun Bondye fè gras paske li gen konfyans nan Bondye, se li menm ki va gen lavi: Ou ankò Moun Bondye fè gras se li menm ki va gen lavi, paske li gen konfyans nan Bondye.
Tout moun koupab
18Se #Jan 16.9; 2 Tes 2.12 poutèt sa, n'ap wè kòlè Bondye sòti nan syèl la, li tonbe sou tout mechanste ak tout lenjistis moun fè. Sitèlman kè yo pa bon, y'ap chache anpeche verite a fè travay li. 19Bondye #Tra 14.15-17; 17.24-28 ap pini yo tou, paske tou sa yo fèt pou konnen sou Bondye, li parèt aklè devan je yo. Se Bondye menm ki fè sa vin konsa pou yo. 20Se #Sòm 19.1; Eb 11.3; Jòb 12.7-9 vre wi. Depi Bondye te fin kreye tout bagay, tout moun ki egzaminen travay li yo ka konprann ki kalite moun Bondye ye, bagay nou pa ka wè ak je nou: ki vle di, jan li gen yon pouvwa ki p'ap janm fini, jan li se Bondye tout bon. Se sa k fè moun sa yo pa gen eskiz menm. 21Yo #Ef 4.18; Rev 14.7 te konn Bondye byen pwòp, men yo pa bay Bondye lwanj ki pou li, yo pa di l mèsi jan l merite l la. Lekontrè, y'ap mete yon bann lide ki pa gen sans nan tèt yo, yo san konprann, fènwa fin plen kè yo. 22Y'ap #Jer 10.14; 1 Kor 1.20 mache di se moun lespri yo ye. Men, se fou yo fin fou. 23Pase #Sòm 106.20; Det 4.15-19 pou yo adore Bondye ki san fen an, pase yo admire tout bèl bagay li yo, yo pito sèvi pòtre lòm mòtèl, pòtre zwazo, pòtre bèt kat pat ak bèt k'ap mache sou vant.
24Lèzòm #Tra 14.16 vin sitèlman fou, Bondye kite yo tonbe nan fè tout kalite bagay ki pa dakò ak volonte li dapre vye lanvi ki nan kè yo. Se yon wont pou wè sa yo fè ak pwòp kò yo. 25Yo #Wòm 9.5 mete manti nan plas verite Bondye a. Yo pito adore kreyati Bondye, yo pito sèvi yo pase pou yo adore Bondye ki kreye yo a, li menm ki merite pou n fè lwanj li tout tan. Amèn.
26Se poutèt sa, Bondye kite yo fè sa yo pito. Men, se sa k'ap avili yo tou: fanm pa vle sèvi ak kò yo jan yo dwe. Yo pito fè sa ki pa bon. 27Se #Lev 18.22; 20.13; 1 Kor 6.9 konsa tou, gason derefize sèvi ak fanm jan sa te dwe fèt. Yo pran dife yonn pou lòt: gason fè malpwòpte ak gason parèy yo. Yo pèdi tèt yo nèt. Men tou, yo resevwa nan kò yo pinisyon yo merite a.
28Yo refize bay Bondye premye plas nan kè yo. Bondye tou kite yo tonbe anba pouvwa lespri yo ki fin deraye pou yo fè bagay yo pat dwe fè. 29Men sèl lide ki nan tèt yo: se fè tout kalite lenjistis, tout kalite mechanste, se anvi sò moun, se fè rayisab. Se sa sèlman ki nan kè yo: fè jalouzi, touye moun, chache moun kont, fè riz, fè kokenn. Yo tripòt konsa. 30Yonn pale lòt mal. Yo pa vle wè Bondye, yo ensolan, yo awogan, yo grandizè. Yo toujou ap chache lòt jan pou fè sa ki mal, yo fwonte ak paran yo. 31Yo san konsyans, yo pa kenbe pawòl yo. Kè yo di konsa, yo san pitye pou lòt moun. 32Yo konn jijman Bondye a byen pwòp: yo konnen moun ki fè bagay sa yo merite lanmò. Atousa, y'ap plede fè yo toujou. Sa ki pi rèd, yo dakò ak moun k'ap fè yo tou.

Chwazi Kounye ya:

Women 1: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an