Revelasyon 9

9
1Apre sa, senkyèm zanj lan kònen klewon l lan. #Rev 8.10; 20.1 Mwen wè yon zetwal sòti nan syèl la tonbe sou latè. Yo ba l kle pou louvri pi ki mennen desann nan gwo twou san fon an. 2Zetwal #Jen 19.28; Egz 19.18; Jowèl 2.2,10 la louvri pi ki mennen nan gwo twou san fon an. Yon gwo lafimen sòti ladan l, tankou lafimen yon gwo fou k'ap boule. Lafimen ki t'ap sòti nan pi a bouche solèy la. Syèl la vin tou nwa. 3Yon #Egz 10.12,15 bann krikèt vèt soti nan lafimen an, yo gaye kò yo toupatou sou latè. Yo ba yo menm pouvwa ak eskòpyon. 4Yo #Eze 9.4; Rev 7.3 te di yo pou yo pa te fè malè sou onkenn zèb, ni okenn pyebwa, ni sou okenn lòt plant. Se sou moun sèlman pou yo te fè malè. Epi se pa sou tout moun non, se sèlman sou moun ki pa gen letanp Bondye sou fwon yo. 5Krikèt yo pat gendwa touye moun sa yo. Men, pandan senk mwa yo te gendwa fè yo soufri. Krikèt yo fè moun yo soufri tankou si se eskòpyon ki te mòde yo. 6Pandan #Jòb 3.21; Lik 23.30 senk mwa sa yo, moun va chache lanmò, men yo p'ap jwenn lanmò. Y'a anvi mouri, men lanmò va pase lwen yo.
7Krikèt #Jowèl 2.4 yo te sanble ak chwal ki pare pou al nan batay. Sou tèt yo chak te gen yon bagay ki sanble ak yon kouwòn lò. Figi yo menm te tankou figi moun. 8Yo #Jowèl 1.6 te gen cheve sou tèt yo tankou cheve fi. Dan yo menm te tankou dan lyon. 9Sou #Jowèl 2.5 lestonmak yo, yo te gen yon plak an fè pou pwoteje yo. Lè yo bat zèl yo, yo fè bri tankou yon bann kabwèt chwal ki pral nan batay. 10Yo gen menm ke ak eskòpyon, ak yon pikan nan pwent ke a. Se avèk ke yo yo te gen pouvwa fè moun mechanste pandan senk mwa. 11Yo te gen yon wa alatèt yo. Se zanj gwo twou san fon an. Yo rele li Abadon nan lang ebre yo epi Apolyon nan lang grèk yo, ki vle di: moun k'ap kraze brize a.
12Premye #Rev 8.13; 11.14 malè a te pase. Te gen de lòt malè ankò ki te gen pou vini apre sa.
13#Rev 8.3; Egz 30.1-3 sa a, sizyèm zanj lan kònen klewon l lan. Mwen tande yon vwa ki t'ap sòti nan kat kwen lotèl an lò ki te devan Bondye a. 14Vwa a #Jen 15.18; Det 1.7; Joz 1.4; Rev 16.12 pale ak sizyèm zanj ki te kenbe klewon an. Li di li konsa:
— Lage kat zanj ki mare nan chenn bò gwo larivyè Lefrat la.
15Yo #Rev 8.7-12 lage kat zanj yo. Yo te pare yo pou sa menm, pou lè sa a, pou jou sa a, nan mwa sa a, nan lanne sa a, pou yo te ka touye yon moun sou chak twa moun ki sou latè. 16Yo di m kantite sòlda sou chwal ki te genyen: Te gen desan milyon. 17Men ki jan mwen te wè chwal yo ak kavalye yo nan vizyon an: Kavalye yo te gen yon kalite chemiz an fè pou pwoteje lestonmak yo. Chemiz yo te wouj kou dife, ble kou digo, jòn kou safran. Tèt chwal yo menm te tankou tèt lyon. Dife ansanm ak lafimen epi souf t'ap sòti nan bouch yo. 18Twa bagay sa yo ki t'ap sòti nan bouch chwal yo, se te twa kalamite ki te touye yon moun sou chak twa moun sou latè. 19Paske se nan bouch yo chwal yo te gen tout pouvwa sa a ansanm ak nan ke yo. Baton ke yo menm te sanble ak sèpan: yo te gen yon tèt pou yo te fè moun mechanste.
20Malgre #Eza 2.8,20; 17.8; Da 5.4; 1 Kor 10.20; Sòm 115.4; 135.15; Rev 16.9,11,21 sa, rès moun sou latè yo, sa ki pa te mouri anba kalamite sa yo, pa te sispann adore satan ak zidòl lò, lajan, bwonz, wòch epi ak zidòl bwa, zidòl ki pa ka wè ni ki pa ka tande ni ki pa ka mache. 21Wi, #2 Wa 9.22 atousa, moun sa yo pat chanje jan yo t'ap viv la, yo pat sispann touye moun, fè maji, lage kò yo nan imoralite ak vòlò zafè moun.

Chwazi Kounye ya:

Revelasyon 9: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte