Revelasyon 10

10
Zanj lan ak ti liv la
1Apre sa, mwen wè yon lòt zanj ki te grannèg #Rev 4.3; 5.2 anpil desann sòti nan syèl la. Li te vlope nan yon gwo nyaj ak yon lakansyèl kouwonnen tout tèt li. Figi l te tankou solèy la. De janm li yo te tankou de gwo flanm dife. 2Li te kenbe yon ti liv louvri nan men li. Li mete pye dwat li sou lanmè, pye gòch li sou tè fèm. 3Li #Jer 25.30; Oze 11.10; Am 1.2 pran rele byen fò tankou yon lyon k'ap gwonde. Lè li fin rele, sèt loray yo pran gwonde reponn li. 4Fini #Da 8.26; 12.4,9 yo fin pale, mwen ta pral ekri sa yo te di a, lè m tande yon vwa nan syèl la ki di m konsa:
— Sa sèt loray yo sot di a, se yon sekrè pou ou kenbe. Pa ekri li.
5Apre #Det 32.40 sa, zanj mwen te wè kanpe sou lanmè ak sou tè fèm lan leve men dwat li nan syèl. 6Li #Jen 14.19,22; Ney 9.6; Egz 20.11; Sòm 146.6; Rev 6.11; Da 12.7 fè sèman sou non Bondye k'ap viv pou tout tan an, Bondye ki fè syèl la ak tou sa ki ladan l, tè a ak tou sa ki ladan li, ansanm ak lanmè a ak tou sa ki ladan li. Zanj lan di:
— Yo p'ap bay dèle ankò. 7Men #Am 3.7; Da 9.6,10; Zak 1.6; Tra 3.21; Rev 11.15; 17.17 lè setyèm zanj lan va pran kònen klewon l lan, Bondye pral fè sa li gen pou l fè dapre plan travay li te kenbe sere nan tèt li a, jan l te fè pwofèt ki t'ap sèvi l yo konn sa.
8Apre sa, vwa mwen te tande sot nan syèl la pran pale avè m ankò. Li di mwen konsa:
— Ale pran ti liv ki louvri nan men zanj ki kanpe sou lanmè ak sou tè fèm lan.
9Mwen #Eze 2.8; 3.1-3 pwoche bò kote zanj lan. Mwen mande l pou l ban m ti liv la. Li di mwen konsa.
— Men li, pran l, manje li. L'ap gen yon gou anmè nan lestonmak ou. Men, nan bouch ou l'ap dous tankou siwo myèl.
10Mwen pran ti liv la nan men li. Mwen manje l, li te dous tankou siwo myèl nan bouch mwen. Men, lè m vale l, li te anmè kou fyèl nan lestonmak mwen.
11Apre #Jer 1.10; 25.30; Da 3.4; 7.14 sa, yo di mwen:
— Se pou ou fè konnen mesay Bondye a ankò, mesay ki pale sou anpil pèp, anpil nasyon, anpil lang ak anpil wa.

Chwazi Kounye ya:

Revelasyon 10: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte