Se Senyè a ki wa! Se pou tout moun ki sou latè fè kè yo kontan! Se pou moun ki nan tout zile yo fè fèt! Li nan mitan yon gwo nway tou nwa. L'ap gouvènen tout bagay avèk jistis, san patipri. Yon dife ap mache devan li. L'ap boule lènmi l yo tout kote l pase. Kout zèklè li yo klere toupatou. Moun ki sou latè wè sa, yo pran tranble. Ti mòn yo fonn tankou lasi devan Senyè a, wi, yo fonn devan chèf tout latè a. Syèl la fè konnen jan Bondye pa nan patipri, tout pèp yo wè pouvwa li. Tout moun k'ap sèvi zidòl yo, yo tout k'ap fè grandizè pou bagay ki pa vo anyen, yo tout gen pou yo wont. Tout bondye yo bese tèt devan li. Pèp peyi Siyon an tande sa, li kontan. Tout lavil peyi Jida yo fè fèt pou jan ou jije moun, Senyè! Senyè ki gen tout pouvwa, se ou menm ki sèl chèf sou tout latè, W'ap donminen sou tout bondye yo. Senyè a renmen moun ki rayi sa ki mal. Li pwoteje lavi pèp li a, li delivre yo anba men mechan yo. Limyè Bondye klere moun ki mache dwat devan li. Moun ki fe sa ki byen, l'ap fè kè yo kontan. Nou tout ki mache dwat devan Bondye, fè kè nou kontan pou sa Senyè a fè pou nou. Di l mèsi! Li pa tankou tout moun.
Li Sòm 97
Koute Sòm 97
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Sòm 97:1-12
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo