Sòm 97

97
SÒM 97 (96)
Bondye sèl k'ap gouvènen
1Se #Sòm 93.1; 96.10,11 Senyè a ki wa! Se pou tout moun ki sou latè fè kè yo kontan!
Se pou moun ki nan tout zile yo fè fèt!
2Li #Egz 19.9; Det 4.11; Sòm 18.11; 89.14 nan mitan yon gwo nway tou nwa.
L'ap gouvènen tout bagay avèk jistis, san patipri.
3Yon #Sòm 21.9; Da 7.10 dife ap mache devan li.
L'ap boule lènmi l yo tout kote l pase.
4Kout #Sòm 77.18 zèklè li yo klere toupatou.
Moun ki sou latè wè sa, yo pran tranble.
5Ti #Mi 4.13; Na 1.5 mòn yo fonn tankou lasi devan Senyè a,
wi, yo fonn devan chèf tout latè a.
6Syèl #Sòm 50.6; Eza 40.5 la fè konnen jan Bondye pa nan patipri, tout pèp yo wè pouvwa li.
7Tout #Sòm 96.5; Eza 42.17; Jer 10.14 moun k'ap sèvi zidòl yo,
yo tout k'ap fè grandizè pou bagay ki pa vo anyen,
yo tout gen pou yo wont.
Tout bondye yo bese tèt devan li.
8Pèp #Sòm 48.11 peyi Siyon an tande sa, li kontan.
Tout lavil peyi Jida yo fè fèt pou jan ou jije moun, Senyè!
9Senyè #Sòm 83.18; 95.3 ki gen tout pouvwa, se ou menm ki sèl chèf sou tout latè,
W'ap donminen sou tout bondye yo.
10Senyè a #Sòm 34.14; Pwo 2.8; 8.13; Da 3.28; Am 5.15; Tra 12.11; Wòm 12.9 renmen moun ki rayi sa ki mal. #97.10: Senyè a renmen moun ki rayi sa ki mal: Tèks ebre a bay: Nou menm ki renmen Senyè a, rayi sa ki mal.
Li pwoteje lavi pèp li a,
li delivre yo anba men mechan yo.
11Limyè #Sòm 112.4; Pwo 4.18 Bondye klere moun ki mache dwat devan li.
Moun ki fe sa ki byen, l'ap fè kè yo kontan.
12Nou #Sòm 30.4; 32.11 tout ki mache dwat devan Bondye, fè kè nou kontan pou sa Senyè a fè pou nou.
Di l mèsi! Li pa tankou tout moun.

Chwazi Kounye ya:

Sòm 97: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte