Sòm 9

9
SÒM 9 (9a)
Mèsi Bondye pou jistis ou
(1) Pou #Sòm 26.7 chèf sanba yo. Sou menm lè ak chante ki di: Lanmò pitit gason an. Se yon sòm David.
1(2) M'a #Sòm 7.17 fè lwanj ou ak tout kè m, Senyè.
M'a rakonte tout bèl mèvèy ou yo.
2(3) Se ou menm k'ap fè m chante,
se ou menm k'ap fè kè m kontan.
Bondye ki anwo nan syèl la,
m'a chante lwanj ou.
3(4) Parèt #Sòm 140.12 ou parèt, lènmi m yo fè bak.
Yo pran tranble, yo tonbe, yo mouri.
4(5) Tankou #Det 9.14 yon jij ki san patipri,
ou chita sou fòtèy ou.
Ou fè m jistis, ou defann kòz mwen.
5(6) Ou regle moun lòt nasyon yo, ou detwi mechan yo.
Ou efase non yo nèt pou tout tan.
6(7) Pa #Sòm 29.10; Aba 1.12 gen lènmi ankò, yo fini nèt.
Ata lavil yo ou vide atè.
Pa gen anyen pou fè moun chonje yo ankò.
7(8) Men #Sòm 58.11; 96.10,13 Senyè a, se wa li ye pou tout tan.
Li mete fòtèy li la pou l fè jistis.
8(9) Li #2 Sam 22.3; Sòm 59.16 gouvènen tout bagay avèk jistis.
Li jije tout moun san patipri.
9(10) Moun #Sòm 91.14; 2 Tim 1.12 y'ap peze yo, se bò kote Senyè a yo jwenn pwoteksyon.
Se la yo jwenn yon kote pou yo kache, lè yo nan tray.
10(11) Moun #Sòm 74.2; 76.2; 107.21 ki konnen ou, Senyè,
y'ap mete konfyans yo nan ou.
Paske, ou pa lage moun k'ap chache ou.
11(12) Ann #Jen 9.5; 1 Wa 21.17-19; Sòm 10.12,13 fè lwanj Senyè a k'ap gouvènen sou mòn Siyon an.
Ann fè tout nasyon yo konnen sa li te fè.
12(13) Bondye chonje moun k'ap soufri yo,
li pa bliye rèl malere yo,
li pini moun ki fè yo mal.
13(14) Gen #1 Sam 2.1; 2 Wa 19.21; Sòm 13.5; 35.9 pitye pou mwen, Senyè!
Gade nan ki mizè moun ki rayi m yo mete m.
Vin sove m! Pa kite m mouri, Senyè,
14(15) pou m #Sòm 7.15; 35.8 ka kanpe devan moun lavil Jerizalèm yo,
pou m di yo poukisa m'ap fè lwanj ou.
M'ap kontan nèt, paske ou te delivre m.
15(16) Moun #Egz 7.5; 14.4 lòt nasyon yo fouye yon gwo twou:
se yo menm ki tonbe ladan li.
Yo tann yon pèlen:
se pye yo ki pran ladan li.
16(17) Senyè a #Jòb 8.13; Sòm 50.22; Jer 2.32 fè yo konnen ki moun li ye,
li jije yo san patipri.
Sa mechan yo fè a tounen kont yo.
17(18) Tout #Sòm 12.5 mechan yo gen pou mouri.
Tout moun ki bliye gen Bondye gen pou mouri tou.
18(19) Se #Sòm 3.7; 10.18 pa tout tan yo ka bliye moun ki nan mizè.
Se pa tout tan yo ka wete espwa moun ki nan lafliksyon.
19(20) Leve non, Senyè! Pa kite lèzòm genyen batay la!
Mennen moun lòt nasyon yo vin jije devan ou.
20(21) Fè kè yo kase, Senyè!
Fè yo konnen se moun ase yo ye.

Chwazi Kounye ya:

Sòm 9: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an