Sòm 10

10
SÒM 10 (9b) #Sòm 10: Nan vèsyon grèk yo rele Septant lan yo fè Sòm 9 ak Sòm 10 yo fè yonn.
Lapriyè pou mande sekou
1Poukisa #Sòm 13.1; 22.11 ou rete lwen konsa, Senyè?
Poukisa ou kache kò ou konsa lè nou nan ka?
2Mechan #Pwo 5.22 ap gonfle lestomak yo, y'ap pèsekite malere.
Se pou pye l pran nan pèlen li menm li tann lan.
3Mechan ap vante tèt yo
pou move lanvi ki nan lide yo.
Lanbisyon fè yo pale mal, yo vire do bay Bondye.
4Mechan #Sòm 14.1; 53.1 yo tèlman gonfle ak lògèy, y'ap mache di: — Bondye p'ap pini nou.
Yo menm di pa gen Bondye. Se sa ase mechan yo met nan tèt yo.
5Tou sa li fè toujou mache byen.
Li pa konprann jijman Bondye yo.
L'ap meprize lènmi l yo.
6L'ap #Rev 18.7 di nan kè l: Anyen pa ka brannen m.
Mwen p'ap janm nan pwoblèm.
7Tout #Jòb 20.12; Wòm 3.14 pawòl li se madichon, se manti, se twonpe moun.
Li cho konsa pou l pale moun mal, pou l di gwo mo.
8Li kache kò l nan ti bouk yo,
l'ap pare tann inonsan yo pou l touye yo an kachèt.
L'ap veye moun ki san defans.
9Li #Jòb 38.40; Sòm 17.12; Mi 7.2 anbiske kò l tankou yon lyon nan kachèt li.
Li kouche, l'ap tann malere yo.
Li pran yo nan pèlen li, li trennen yo pote ale.
10Li bese, li kwoupi kò l, malere yo tonbe nan men l.
11Mechan #Jòb 22.13; Sòm 94.7; Eze 9.9 yo di nan kè yo:
— Bondye p'ap okipe bagay konsa.
Li fèmen je li, li p'ap janm wè yo.
12Leve #Sòm 3.7; 9.12,18 non, Senyè! Vin sove mwen!
Bondye, pa bliye moun y'ap peze yo!
13Ki jan mechan an fè ap meprize Bondye
jouk pou li di nan kè l: Li p'ap pini mwen?
14Men, #Sòm 33.13; 146.9; 1 Pyè 4.19 ou make tout bagay. Ou konnen soufrans ak lapenn lèzòm.
Ou toujou pare pou ede yo.
Moun ki san defans yo, se nan men ou yo lage kòz yo,
paske ou toujou ede moun ki san papa.
15Kraze #Sòm 37.17; Eza 41.12 pouvwa mechan yo, pouvwa moun k'ap fè mal yo.
Fè yo rann kont pou sa yo fè, jouk yo disparèt nèt devan je ou.
16Senyè a, #Egz 15.18; Sòm 29.10; Rev 11.15 se wa li ye depi tout tan ak pou tout tan.
Moun lòt nasyon yo gen pou disparèt nan peyi li a.
17Senyè, #1 Kwo 29.18 wa koute moun ki soumèt devan ou lè y'ap lapriyè.
W'a ba yo kouray.
18W'a #Sòm 9.19; 82.3; Eza 1.17 tande rèl moun y'ap peze yo, rèl timoun ki san papa yo.
W'a fè yo jistis.
Konsa, lèzòm ki fèt ak pousyè tè p'ap kapab fè moun pè ankò.

Chwazi Kounye ya:

Sòm 10: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an