Sòm 88

88
SÒM 88 (87)
Bondye, pa kite m mouri
(1) Chante #Sòm 22.2; 24.5; Lik 18.7 sa a se yon sòm pitit Kore yo. Pou chèf sanba yo. Fè yo chante ansanm tankou timoun lekòl. Se chante Eman, moun lavil Ezra.
1(2) Senyè, Bondye, se ou menm ki delivrans mwen!
Lajounen kou lannwit m'ap rele nan pye ou!
2(3) Se #Sòm 107.18 pou lapriyè m rive nan zòrèy ou.
Koute byen sa m'ap mande ou.
3(4) Anpil #Sòm 28.1 malè tonbe sou mwen, mwen pa kapab ankò.
Mwen prèt pou mouri.
4(5) Mwen #Sòm 31.12 tankou moun ki sou dènye souf li,
tankou moun ki pa gen fòs ankò.
5(6) Mwen #Sòm 143.3; Lam 3.6 tonbe atè tankou yon moun mouri,
tankou yon moun yo touye ki kouche nan simityè.
Wi, tankou yon moun ou bliye nèt,
tankou yon moun ou pa ka fè anyen ankò pou li.
6(7) Ou #Sòm 32.4; 42.7 voye m jete nan yon gwo twou byen fon,
kote ki fè nwa anpil, nan yon twou san fon.
7(8) Mwen #Jòb 19.13; 30.10; Jer 32.2 santi ou ankòlè anpil sou mwen.
Se kraze w'ap kraze m anba men ou.
8(9) Ou #Jòb 11.13; Sòm 6.7 fè tout zanmi m yo lage m.
Yo yonn pa ka santi m bò kote yo!
Mwen fèmen yon kote mwen pa ka sòti.
9(10) Je m #Sòm 6.5 ap boule m tèlman m'ap soufri.
Senyè, se chak jou m'ap rele ou,
m'ap louvri de bra m ba ou!
10(11) Eske se pou moun mouri ou fè mirak?
Eske mò ka leve pou fè lwanj ou?
11(12) Eske #Jòb 10.21; Ekl 9.5 moun ki anba tè ka fè konnen jan ou renmen nou?
Eske moun ki nan twou san fon an ka fè konnen jan ou toujou kenbe pawòl ou?
12(13) Eske #Sòm 5.3 moun ki nan fènwa a ka wè mèvèy ou yo?
Eske moun ki nan peyi kote yo bliye tout bagay la ka wè jan ou bon!
13(14) Senyè, #Jòb 13.24 m'ap rele ou vin ede mwen.
Se chak maten m'ap lapriyè nan pye ou.
14(15) Senyè, #Jòb 6.4; 9.34 poukisa ou voye m jete lwen ou konsa?
Poukisa ou kache figi ou pou mwen?
15(16) Depi mwen jenn gason se soufri m'ap soufri, m'ap pase ra lanmò.
Ou sitèlman pini mwen, mwen pa konn sa pou m fè ankò. #88.15: mwen pa konn sa pou m fè ankò: Fraz sa a pa klè menm nan tèks ebre a.
16(17) Nan #Sòm 118.10 kòlè ou, ou fè m pase kont tray mwen.
Se fini ou fini avè m tèlman ou pini m.
17(18) Tout #Jòb 19.13,14 lajounen ou sènen m tankou dlo inondasyon,
ou fèmen m toupatou.
18(19) Ou te fè tout kanmarad mwen yo ak zanmi m yo vire do ban mwen.
Moun mwen te konn rakonte ti koze m yo disparèt.

Chwazi Kounye ya:

Sòm 88: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an