Sòm 87

87
SÒM 87 (86)
Jerizalèm se pou nou tout
(1a) Se #Sòm 2.6; Eza 28.16 yon sòm pitit Kore yo. Se yon chante li ye.
1(1b) Bondye bati lavil li a sou mòn ki apa pou li a!
2Li #Sòm 78.67,68 renmen lavil Jerizalèm
pi plis pase tout lòt kote nan peyi Jakòb la.
3Ou #Sòm 46.4; Eza 60.1,2 menm, lavil Bondye a,
tande bèl bagay y'ap di sou ou:
4Lè m'ap nonmen non moun k'ap sèvi m yo,
m'ap mete moun peyi Lejip, moun peyi Babilòn sou lis la.
Moun peyi Filisti, moun peyi Tir ak moun peyi Etyopi,
se Jerizalèm yo fèt.
5#Sòm 48.8 moun ap pale sou mòn Siyon an yo di:
Yo rele l manman, paske se la yo tout fèt.
Se Bondye anwo nan syèl la ki mete l kanpe.
6Senyè a #Eza 4.3; Eze 13.9 fè lis tout pèp yo,
li fè yo tout pase pou moun lavil Jerizalèm.
7Moun #Eza 12.3; Rev 21.6 k'ap chante yo ansanm ak moun k'ap danse yo ap repete byen fò:
Se ou menm ki manman nou tout. #87.7: Se ou menm ki manman nou tout. Nou pa fin konprann sans tèks ebre a. Li ta ka vle di tou: Se la nou tout rete.

Chwazi Kounye ya:

Sòm 87: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte