Sòm 77:1-20

Sòm 77:1-20 HAT98

(2) Mwen rele byen fò nan pye Bondye. Wi, mwen rele nan pye Bondye, li koute mwen. (3) Lè mwen nan tray, mwen lapriyè nan pye Senyè a. Tout lannwit m'ap lapriyè san rete, mwen pa ka jwenn konsolasyon. (4) Mwen chonje Bondye, m'ap plenn! M'ap kalkile, mwen santi m dekouraje! (5) Ou fè m rete je klè, mwen sitèlman boulvèse, mwen pa ka pale. (6) M'ap chonje tan lontan, wi, m'ap chonje lanne pase anwo yo. (7) Mwen pase nwit ap repase chante yo, m'ap kalkile anpil nan kè m m'ap egzaminen, m'ap di: (8) — Eske Senyè a voye m jete nèt? Eske li p'ap janm kontan avè m ankò? (9) Eske Bondye pa gen bon kè ankò? Eske li p'ap kenbe pawòl li ankò? (10) Eske Bondye bliye gen pitye? Eske lè li ankòlè li pa pran priyè? (11) Apre sa mwen di: Men sa k fè m pi mal ankò! Gen lè Bondye ki anwo nan syèl la pa menm jan an ankò? (12) Senyè, m'a rakonte gwo bagay ou te fè yo, paske mwen chonje bèl mèvèy ou te fè nan tan lontan. (13) M'ap kalkile tout sa ou te fè yo, m'ap egzaminen tout gwo bagay estraòdinè ou te fè yo! (14) Tout sa ou fè, Bondye, se bagay apa! Nan tout bondye yo, nanpwen ki gen pouvwa tankou ou! (15) Ou se Bondye ki fè mèvèy. Ou fè nasyon yo wè pouvwa ou. (16) Avèk fòs ponyèt ou ou te delivre pèp ou a, pitit pitit Jakòb yo ak pitit pitit Jozèf yo. (17) Lè dlo yo wè ou, Bondye, dlo yo sòti pè. Lè dlo yo wè ou, fon lanmè yo pran tranble. (18) Nyaj yo pran vide gwo lapli, kout loray pran woule nan nyaj yo, kout zèklè fè yanyan nan tout syèl la. (19) Bri loray la pran woule nan syèl la. Kout zèklè klere toupatou. Tè a sòti pè, li pran tranble. (20) Ou louvri yon chemen pou ou nan mitan lanmè a. Ou pase nan mitan gwo lanmè fon fon an. Men pèsonn pa ka wè mak pye kote ou pase. (21) Ou pran Moyiz ak Arawon, ou fè yo mennen pèp ou a tankou yon bann mouton y'ap mennen.