Sòm 70

70
SÒM 70 (69)
Lapriyè pou mande delivrans
(Sòm 40.13-17)
(1) Pou #Sòm 40.13-17 chèf #Sòm 38.22 sanba yo. Se yon sòm David. Pou Bondye pa bliye nou.
1(2) Delivre m #Sòm 35.4 non, Bondye!
Prese vin pote m sekou, Senyè!
2(3) Moun k'ap chache touye m yo,
se pou yo wont, se pou yo pa ka leve tèt yo.
Moun ki anvi wè malè rive mwen,
se pou yo renka kò yo, se pou yo wont.
3(4) Moun #Sòm 35.27 k'ap lonje dwèt sou mwen yo,
se pou sezisman pran yo sitèlman yo wont.
4(5) Men, #Sòm 86.1; 141.1 tout moun ki vin jwenn ou,
se pou yo kontan, se pou yo fè fèt.
Tout moun ki renmen jan ou delivre yo a,
se tout tan pou yo di:
Bondye gen gwo pouvwa!
5(6) Pou mwen menm, se yon pòv malere san sekou mwen ye.
Men ou menm, prese vin delivre m!
Se ou ki tout sekou mwen,
se ou ki tout delivrans mwen.
Prese non, Senyè!

Chwazi Kounye ya:

Sòm 70: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte