Sòm 7

7
SÒM 7
Lapriyè pou mande jistis
(1) Plent David te pote bay Senyè a pou Kouch, moun laras Benjamen.
1(2) Senyè, #Sòm 50.22 Bondye mwen, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.
Delivre m. Pa kite m tonbe nan men moun k'ap pèsekite m yo.
2(3) Si #1 Sam 26.18 se pa sa, tankou lyon yo fè, y'ap pote m ale,
y'ap devore m san pèsonn p'ap ka pote m sekou.
3(4) Senyè, #1 Sam 24.7; 26.9 Bondye mwen, si m te fè bagay sa yo vre,
si m te fè yon moun mal,
4(5) si mwen aji mal ak moun ki fè mwen byen,
si mwen pèsekite lènmi ki pa vle wè mwen san rezon,
5(6) ou #Jòb 8.6; Sòm 35.23; 94.2; Eza 33.10 mèt kite lènmi pousib mwen
jouk li mete men sou mwen.
Ou mèt kite l mache sou mwen,
ou mèt kite l trennen non m nan labou.
6(7) Senyè, leve non! Mete ou ankòlè!
Leve, pran pozisyon kont lènmi m yo ki fin debòde.
Leve non! Vin pote m sekou, paske se jistis ou m'ap chache.
7(8) Sanble #Sòm 26.1; 35.24 tout nasyon yo bò kote ou.
Rete nan syèl la, gouvènen yo tout. #7.7: Rete nan syèl la, gouvènen yo tout: Nan tèks ebre a nou jwenn: Tounen nan syèl la anwo yo tout.
8(9) Ou #Sòm 26.2; Jer 11.20; Rev 2.23 menm Senyè, ou se jij tout moun.
Tanpri, Senyè, fè m jistis
paske mwen mache dwat, mwen inonsan.
9(10) Fè mechan yo sispann fè move bagay.
Tanpri, bay moun ki mache dwat yo fòs.
Ou se yon Bondye ki pa nan patipri:
Ou konnen tout lide moun gen nan tèt yo ak tout santiman ki nan kè yo.
10(11) Se #Jòb 8.3; Na 1.2 Bondye ki defans mwen.
Li delivre tout moun ki mache dwat.
11(12) Bondye se yon jij ki san patipri:
Li toujou kondannen mechan yo.
12(13) Si #Sòm 18.14 yon moun pa chanje lavi li,
Bondye ap file nepe li,
l'ap pare banza li pou l vize li.
13(14) Bondye #Jòb 15.35; Eza 59.4 ap pare zam sa yo pou touye li.
L'ap sèvi ak flèch li yo pou simen dife.
14(15) Gade #Sòm 57.6; Pwo 26.27; Ekl 10.8 jan mechan an gen move lide nan kè li!
L'ap fè plan pou fè moun mal.
L'ap plede bay manti.
15(16) Li #1 Wa 2.32; Estè 9.25; Sòm 94.23; Pwo 5.22 fouye yon gwo twou byen fon nan tè a.
Lèfini, se li menm ki tonbe ladan li.
16(17) Se #Sòm 9.2 konsa, malè li te pare pou lòt moun, se sou li li tonbe.
Se pwòp mechanste l ki tounen kont li!
17(18) Mwen menm, m'ap di Senyè a mèsi pou jistis li.
M'ap fè lwanj Senyè a ki anwo nan syèl la.

Chwazi Kounye ya:

Sòm 7: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an