Sòm 6

6
SÒM 6
Lapriyè pou mande sekou
(1) Pou #Sòm 38.1; Eb 12.5,6 chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Sou uityèm lan. Se yon sòm David.
1(2) Senyè, #Sòm 41.4; Oze 6.1 pa pini mwen non lè ou fache!
Pa kale mwen lè ou ankòlè!
2(3) Gen #Jan 12.27 pitye pou mwen, Senyè,
paske mwen santi m san fòs.
Geri mwen, Senyè,
paske m'ap deperi.
3(4) Lespri m boulvèse anpil, Senyè.
Pou konbe tan bagay sa a la ankò?
4(5) Tounen #Sòm 30.9; 88.10-12; 115.17; Eza 38.18 vin delivre m non, Senyè!
Jan ou gen kè sansib sa a, pa kite m mouri.
5(6) Paske, #Sòm 69.3 lè yon moun mouri li pa ka chonje ou ankò.
Pèsonn p'ap fè lwanj ou kote mò yo ye a.
6(7) Se #Sòm 31.9; 88.9 fini m'ap fini afòs m'ap kriye.
Lannwit, kabann mwen mouye nèt afòs je m kouri dlo.
7(8) Figi m #Mat 7.23; 25.41 fin rale afòs mwen gen lapenn.
Mwen fin vye anba moun k'ap pèsekite m yo.
8(9) Wete #Sòm 31.22 kò nou sou mwen, nou tout k'ap fè sa ki mal,
paske Senyè a tande lè m'ap kriye.
9(10) Li #Sòm 40.14 tande m lè m'ap rele nan pye li.
Li reponn mwen lè m'ap lapriyè li.
10(11) Tout lènmi m yo pral wont, y'ap pè.
Se vre wi. Y'ap kouri fè bak.
Y'ap rete konsa lawont ap pran yo.

Chwazi Kounye ya:

Sòm 6: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an