(2) Senyè, pa pini mwen non lè ou fache! Pa kale mwen lè ou ankòlè! (3) Gen pitye pou mwen, Senyè, paske mwen santi m san fòs. Geri mwen, Senyè, paske m'ap deperi. (4) Lespri m boulvèse anpil, Senyè. Pou konbe tan bagay sa a la ankò? (5) Tounen vin delivre m non, Senyè! Jan ou gen kè sansib sa a, pa kite m mouri. (6) Paske, lè yon moun mouri li pa ka chonje ou ankò. Pèsonn p'ap fè lwanj ou kote mò yo ye a. (7) Se fini m'ap fini afòs m'ap kriye. Lannwit, kabann mwen mouye nèt afòs je m kouri dlo. (8) Figi m fin rale afòs mwen gen lapenn. Mwen fin vye anba moun k'ap pèsekite m yo. (9) Wete kò nou sou mwen, nou tout k'ap fè sa ki mal, paske Senyè a tande lè m'ap kriye. (10) Li tande m lè m'ap rele nan pye li. Li reponn mwen lè m'ap lapriyè li. (11) Tout lènmi m yo pral wont, y'ap pè. Se vre wi. Y'ap kouri fè bak. Y'ap rete konsa lawont ap pran yo.
Li Sòm 6
Koute Sòm 6
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Sòm 6:1-10
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo