Sòm 59

59
SÒM 59 (58)
Lapriyè pou chatiman mechan yo
(1) Pou #Sòm 18.48; 20.1 chèf sanba yo. Se pou yo chante l sou menm lè ak chante ki di: Pa detwi. Se yon chante David te ekri lè Sayil te voye moun veye kay li pou touye l.
1(2) Delivre m anba lènmi m yo, Bondye mwen!
Pwoteje m pou moun k'ap leve dèyè m yo pa jwenn mwen!
2(3) Delivre m #1 Sam 19.11; 24.11; Sòm 10.9; 56.6 anba malveyan yo!
Sove m anba ansasen sa yo!
3(4) Yo mete anbiskad pou yo touye m.
Yon bann ansasen ap fè konplo sou do mwen,
san m pa fè anyen ki mal,
san m pa fè okenn fòt, Senyè.
4(5) Malgre #Sòm 80.4 mwen inonsan, y'ap kouri, y'ap pare tann mwen!
Leve non! Vin bò kote mwen! Gade yo!
5(6) Ou menm, Senyè, Bondye, ou menm ki chèf lame zanj yo,
ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, leve non!
Vin pini moun lòt nasyon yo!
Se pou ou san pitye pou bann mechan sa yo k'ap trayi ou!
6(7) Chak #Jòb 22.13; Sòm 57.4; Pwo 15.28 swa, yo tounen.
Yo mache nan tout lavil la, y'ap jape tankou chen.
7(8) Tande #Sòm 2.4 sa y'ap di! Tande jan y'ap pale!
Lang nan bouch yo, ou ta di se yon ponya!
Y'ap di: Pa gen moun k'ap tande nou!
8(9) Men #Sòm 9.9 ou menm, Senyè, ou pase yo nan rizib!
Ou pase tout nasyon yo nan jwèt.
9(10) Se #Sòm 54.7 ou ki tout defans mwen, se sou ou mwen konte.
Bondye, se bò kote ou mwen jwenn pwoteksyon.
10(11) Bondye #Sòm 55.23 mwen, w'ap vin kanpe bò kote m, paske ou renmen m.
W'ap fè m wè jan moun k'ap pèsekite m yo ap fini mal.
11(12) Pa touye yo pou moun pa m yo ka chonje!
Avèk pouvwa ou, fè yo pa konn sa y'ap fè, fè yo tonbe.
Senyè, se ou menm ki tout pwoteksyon mwen.
12(13) Chak #Sòm 7.9 pawòl ki sòti nan bouch yo se yon peche.
Se pwòp lògèy yo k'ap fini ak yo.
Se madichon ak manti ase k'ap sòti nan bouch yo.
13(14) Lè ou an kòlè, fini ak yo. Fini ak yo nèt, fè yo disparèt.
Fè tout moun konnen se Bondye k'ap gouvènen nan peyi Jakòb la.
Se li k'ap gouvènen toupatou sou latè.
14(15) Chak #Jòb 15.23; Sòm 109.10 swa, yo tounen.
Y'ap jape tankou chen,
y'ap mache nan tout lavil la.
15(16) Y'ap moute desann, y'ap chache manje.
Y'ap plenn paske yo pa jwenn ase pou plen vant yo.
16(17) Men mwen menm, m'ap chante pou m di jan ou gen pouvwa.
Chak maten m'a fè lwanj ou
pou m di jan ou pa janm sispann renmen nou.
Paske, se ou ki tout defans mwen,
se bò kote ou mwen te jwenn pwoteksyon lè m te anba tray.
17(18) Wi, m'ap fè lwanj ou, ou menm ki tout defans mwen.
Se bò kote Bondye mwen jwenn pwoteksyon,
bò kote Bondye ki renmen m lan.

Chwazi Kounye ya:

Sòm 59: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an