Sòm 58

58
SÒM 58 (57)
Aba move jij yo
(1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou lè chante ki di: Pa detwi. Se yon chante David.
1(2) #58.1: Nou pa fin sèten se sa premye fraz vèsè sa a vle di nan tèks ebre a. Nou menm ki reprezante Bondye, eske nou rann jistis la tout bon vre?
Nou menm lèzòm, eske nou jije san patipri?
2(3) Non! #Sòm 51.5; Eza 48.8 Okontrè! Se move lide ase ki nan kè nou.
N'ap plede fè mechanste nan tout peyi a.
3(4) Malveyan #Det 32.33; Sòm 140.3 yo pèvèti depi nan vant manman yo.
Moun k'ap bay manti yo gen madichon depi yo fèt.
4(5) Yo #Jer 8.17 gen yon pwazon nan bouch yo, tankou pwazon sèpan.
Yo pa pran priyè, yo tankou sèpan aspik,
5(6) ki #Jòb 4.10; Sòm 3.7 fèmen zòrèy yo pou yo pa tande vwa moun k'ap chante pou fè yo dòmi,
menm lè moun yo gen bèl bèl vwa.
6(7) Bondye, #Sòm 112.10 tanpri, kase dan nan bouch yo!
Kase kwòk dan jenn lyon yo, Senyè!
7(8) Se #Jòb 3.16 pou yo disparèt tankou dlo lavalas k'ap koule desann.
Se pou moun kraze yo anba pye tankou zèb sou granchemen.
8(9) Se #Sòm 118.12; Pwo 10.25 pou yo fonn tankou mantèg nan solèy.
Se pou yo pa janm wè solèy tankou tibebe ki fèt tou mouri.
9(10) #58.9: Nou pa fin konprann sans vèsè sa a nan tèks ebre a. Anvan #Det 32.43; Jòb 22.19; Sòm 68.23 menm yo konnen sa k'ap rive yo, se pou yo boule tankou raje.
Bondye ap fè kòlè, l'ap rache yo pandan yo tou vivan.
10(11) Moun #Jen 18.25; Sòm 9.8; 67.4; Ekl 12.14; Eza 3.10 ki mache dwat devan Bondye gen pou yo kontan lè yo wè jan yo pini mechan yo.
Y'a lave pye yo nan san mechan yo.
11(12) Lè sa a, moun va di:
Wi, sa vo lapenn pou moun mache dwat devan Bondye.
Wi, gen yon Bondye k'ap jije moun sou latè.

Chwazi Kounye ya:

Sòm 58: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte