Sòm 4

4
SÒM 4
Tout konfyans nan Bondye
(1) Pou #Jer 23.6 chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Se yon sòm David.
1(2) Lè m rele ou, reponn mwen non, Bondye,
ou menm k'ap fè m jistis!
Lè m te nan tèt chaje, ou te vin ede m.
Gen pitye pou mwen.
Koute lapriyè mwen.
2(3) Nou #Egz 33.16 menm menm lèzòm, kilè n'a sispann trennen non m nan labou!
Kilè n'a sispann renmen bagay ki pa vo anyen!
Kilè n'a sispann kouri dèyè bagay ki pa vre!
3(4) Pa #Sòm 77.6; Ef 4.26 bliye, se Senyè a ki chwazi m pou moun pa li.
Senyè a tande m lè mwen rele l.
4(5) Se #Det 33.19; Sòm 37.3; 51.19 pou nou tranble tèlman nou pè, se pou n sispann fè sa ki mal.
Lè nou pou kont nou nan chanm nou,
kalkile sou sa. Epi pe bouch nou.
5(6) Ofri #Nonb 6.26; Sòm 89.15 bèt Senyè a mande pou yo touye pou li.
Mete konfyans nou nan li!
6(7) Gen #Eza 9.3 anpil moun k'ap di:
— Jan nou ta renmen Bondye beni nou!
Tanpri, Senyè, fè nou santi ou la avèk nou!
7(8) Kontantman #Lev 25.18,19; Sòm 3.5 ou mete nan kè m pi gwo
pase kontantman ki nan kè lèzòm lè yo gen anpil manje ak anpil bwason.
8(9) Mwen moute kabann mwen ak kè poze.
Kou m kouche, dòmi pran m.
Senyè, se ou menm sèl ki p'ap janm kite anyen rive m.

Chwazi Kounye ya:

Sòm 4: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an