Sòm 3

3
SÒM 3
Konfyans nan Bondye
(1) David #2 Sam 15.12 t'ap kouri pou Absalon, pitit li, lè li ekri sòm sa a.
1(2) Senyè, #Sòm 71.11 ala anpil lènmi m yo anpil!
Ala anpil moun k'ap leve dèyè m yo anpil!
2(3) #3.2: Nan tèks ebre a nou jwenn yon mo Sela nan fen vèsè a. Gen lè se yon pawòl ki gen rapò ak jan pou yo chante sòm lan nan sèvis yo. Li ka vle di Pran pòz, osinon Repete, osinon Chanje vwa. Tout jan, li pa chanje anyen nan sans pawòl ki nan sòm lan. Nou jwenn li anpil lòt kote nan sòm yo. Men, paske nou pa sèten sa li vle di nou pito pa mete anyen pou li. Ala #Jen 15.1; Sòm 27.6; 28.7; 119.114 anpil moun k'ap pale sou mwen yo anpil!
Y'ap di: Aa! Bondye p'ap delivre l!
3(4) Men #Sòm 2.6; 77.1; 142.1 ou menm, Senyè, w'ap toujou pran defans mwen.
W'ap fè m genyen batay la.
Ou p'ap kite m wont devan lènmi m yo.
4(5) Mwen #Sòm 4.8; Pwo 3.24 rele Senyè a ak tout fòs mwen.
Li rete sou mòn ki apa pou li a, li reponn mwen.
5(6) Mwen #Sòm 27.3 kouche, mwen dòmi,
mwen leve anbyen, paske Senyè a ap soutni mwen.
6(7) Mwen #Sòm 10.12; 58.6 pa pè tout kantite moun sa yo
ki sènen m toupatou.
7(8) Leve #Sòm 37.39; Pwo 21.31; Jer 3.23; Jo 2.9 non, Senyè! Sove m non, Bondye mwen!
Ou bay tout lènmi m yo yon souflèt.
Ou kase dan mechan yo.
8(9) Se ou menm sèl, Senyè, ki ka sove nou.
Beni tout pèp ou a.

Chwazi Kounye ya:

Sòm 3: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte