(2) M'ap fè lwanj ou, Senyè,
paske ou mete m sou de pye m ankò,
paske ou pa bay lènmi m yo chans pou yo pase m nan rizib.
(3) Senyè, Bondye mwen, mwen rele nan pye ou,
epi ou geri mwen.
(4) Ou rale m sòti nan bouch twou a.
Ou ban m lavi ankò, ou pa kite m mouri.
(5) Nou tout ki renmen Senyè a, fè lwanj li!
Chonje sa l te fè. Li pa tankou tout moun. Di l mèsi.
(6) Paske, lè li ankòlè, se pou yon ti tan.
Men, li ban nou favè l
pou tout tan n'ap viv.
Lannwit nou kriye,
Kou l jou, kè nou kontan.
(7) Mwen te santi kè m poze,
se sa k fè mwen t'ap di:
— Anyen p'ap janm rive m.
(8) Senyè, ou fè m favè, ou mete m chita sou yon mòn byen wo.
Men, kou ou vire do ban mwen, kè m kase.
(9) Mwen te kriye nan pye ou, Senyè.
Mwen te mande ou sekou.
(10) Si ou kite yo touye m, sa sa ap fè pou ou?
Si ou kite m ale anba tè, sa sa ap rapòte ou?
Eske moun mouri ka fè lwanj ou?
Eske yo ka mache di jan ou toujou kenbe pawòl ou?
(11) Koute m non, Senyè! Gen pitye pou mwen!
Senyè, pote m sekou!
(12) Ou siye dlo nan je m, ou fè kè m kontan anpil.
Ou wete rad dèy ki te sou mwen an,
ou ban m yon bèl rad mete sou mwen pou m fè fèt.
(13) Mwen p'ap rete ak bouch mwen fèmen,
m'ap chante lwanj ou.
Senyè, se ou menm ki Bondye mwen!
Se tout tan tout tan m'ap di ou mèsi.