Sòm 132

132
SÒM 132 (131)
Benediksyon pou kay Bondye a
(1a) Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm.
1(1b) Senyè, pa bliye David.
Chonje tout traka li te bay tèt li pou ou.
2Senyè, #Jen 49.24; Eza 60.16 chonje sèman li te fè ou,
pwomès li te fè ou, ou menm Bondye Jakòb la ki gen fòs, lè l te di:
3— Mwen p'ap antre nan kay kote m rete a,
mwen p'ap moute kouche sou kabann mwen,
4mwen #Pwo 6.4 p'ap bay kò m repo,
mwen p'ap fèmen je m,
5toutotan #1 Kwo 22.7; Tra 7.46 mwen pa jwenn yon kote pou Senyè a,
yon kay pou Bondye Jakòb la ki gen fòs ka rete.
6Nou #1 Sam 7.1; 1 Kwo 13.5 te tande Bwat Kontra a te lavil Efrata.
Men, nou jwenn li nan jaden Jearim yo.
7Ann #Sòm 99.5 al lakay Senyè a.
Ann al devan fòtèy li pou n adore l.
8Leve #2 Kwo 6.41,42 non, #Sòm 78.61 Senyè, vin kote pou ou pran repo a.
Vini non ansanm ak Bwat Kontra ou la ki fè nou wè jan ou gen pouvwa.
9Se #Jòb 29.14; Eza 61.10 pou prèt yo fè konnen jan ou bay pèp ou a delivrans.
Se pou tout pèp ou a rele sitèlman yo kontan.
10Poutèt pwomès ou te fè David, sèvitè ou la,
tanpri, Senyè, pa vire do bay moun ou te chwazi a.
11Senyè a #1 Wa 2.4; 8.25; 2 Kwo 6.16; Sòm 89.3,4; 110.4; Lik 1.32; Tra 2.30 te fè David, sèvitè li a, yon pwomès,
l'ap toujou kenbe pawòl li:
Se yonn nan pitit ou yo
m'ap mete chita sou fòtèy ou a.
12Si pitit ou yo kenbe kontra mwen fè ak yo a,
si yo kenbe prensip mwen ba yo,
pitit pa yo tou va toujou chita son fòtèy ou a.
13Senyè a #Sòm 68.16; 78.68; Mat 23.21 te chwazi mòn Siyon,
se la li vle bati kay li.
14Se la mwen chwazi pou m toujou pran repo,
se la m'ap rete, paske se sa mwen vle.
15M'a voye benediksyon sou tou sa li bezwen pou l viv.
M'a bay pòv li yo manje plen vant yo.
16M'a #Sòm 132.9 delivre prèt li yo,
m'a fè tout pèp Bondye a rele sitèlman yo kontan.
17Se #1 Wa 11.36; 15.4; Eze 29.21; Lik 1.69 la m'ap fè yonn nan pitit David yo tounen yon gwo wa.
Mwen p'ap kite limyè a sòti nan fanmi moun mwen chwazi a.
18M'ap #Jòb 8.22 fè lènmi l yo wont,
kouwòn ki sou tèt li a ap toujou rete byen klere.

Chwazi Kounye ya:

Sòm 132: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an