Sòm 131

131
SÒM 131 (130)
Tout konfyans mwen nan Senyè a
(1a) Se #Jòb 42.3; Sòm 101.5; 138.6; Jer 45.5; Wòm 12.16 yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm.
1(1b) Senyè, mwen pa gen lògèy nan kè mwen.
Mwen pa gade moun avèk awogans.
Mwen pa enterese nan bagay ki twò fò pou mwen,
nan bagay ki twò difisil pou m konprann.
2Mwen #Mat 18.3; 1 Kor 14.20 rete tou dousman, byen trankil
tankou yon timoun sevre ki rete byen dousman sou janm manman l.
Wi, tankou yon timoun sevre, se konsa mwen rete dousman.
3Nou #Sòm 130.7 menm pèp Izrayèl, mete tout espwa nou nan Senyè a,
depi kounyeya ak pou tout tan.

Chwazi Kounye ya:

Sòm 131: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an