Sòm 130

130
SÒM 130 (129)
Tout espwa m nan Senyè a
(1a) Se #Lam 3.55; Jo 2.2 yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm.
1(1b) Nan mizè mwen ye a, Senyè,
m'ap rele nan pye ou.
2Senyè, #Sòm 86.6 koute m non!
Panche zòrèy ou pou ou tande jan m'ap lapriyè nan pye ou.
3Si #Jòb 10.14; Sòm 76.7; 143.2; Na 1.6; Mal 3.2; Rev 6.17 ou t'ap make tout zak nou fè, Senyè,
ki moun ki ta ka leve tèt devan ou?
4Men, #1 Wa 8.39,40; Eza 55.7; Jer 33.8,9; Da 9.9; Ef 1.7 ou padonnen nou,
pou n ka respekte ou.
5Mwen #Sòm 33.20; 119.74; Eza 26.8 mete tout espwa m nan Senyè a,
mwen mete espwa m nan sa li di.
6N'ap #Sòm 119.147; 123.2 tann Senyè a, tankou faksyonè k'ap tann solèy leve,
wi, tankou faksyonè k'ap tann solèy leve!
7Nou #Sòm 131.3 menm pèp Izrayèl, mete tout espwa nou nan Senyè a,
paske li renmen nou anpil.
Li toujou pare pou delivre.
8Se #Sòm 111.9; Mat 1.21; Lik 1.68; Tit 2.14 li menm ki va delivre pèp Izrayèl la
anba tout mechanste yo fè yo.

Chwazi Kounye ya:

Sòm 130: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an