Sòm 129

129
SÒM 129 (128)
Wont pou lènmi pèp Izrayèl la
(1a) Se #Egz 1.14; Sòm 124.1; Jer 2.2; Oze 2.15 yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm.
1(1b) Nou menm, pèp Izrayèl
se pou nou rekonèt sa:
Yo te fè nou pase kont mizè nou depi nou te jenn.
2Wi, #2 Kor 4.8,9 depi nou te jenn, yo te fè nou pase kont mizè nou,
men yo pat janm rive mete pye sou kou nou.
3Yo #Eza 51.23; Mi 3.12 tonbe sou do nou,
ou ta di moun k'ap bat tè pou plante.
4Men, Senyè a pa nan patipri,
li koupe kòd mechan yo te pase nan kou nou.
5Moun #Sòm 35.4 ki pa vle wè moun Siyon yo,
se pou yo wont, se pou yo fè bak.
6Se #2 Wa 19.26; Jòb 8.12 pou yo tankou plant k'ap pouse arebò glasi:
y'ap cheche anvan menm yo donnen.
7Moun k'ap ranmase rekòt p'ap okipe yo menm,
moun k'ap antre rekòt la p'ap mete yo nan pakèt li.
8Moun #Rit 2.4; Sòm 118.26 k'ap pase bò la yo p'ap di:
— Se pou Senyè a beni nou!
N'ap beni ou nan non Senyè a!

Chwazi Kounye ya:

Sòm 129: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an