Sòm 119:143-176

Sòm 119:143-176 HAT98

Mwen nan tray, kè m ap kase. Men, mwen pran tout plezi m nan fè sa ou mande m fè. Prensip ou yo se bagay ki dwat pou tout tan. Ban m bon konprann pou m ka viv. M'ap rele nan pye ou ak tout kè mwen. Reponn mwen, Senyè, pou m ka toujou fè sa ou vle m fè. M'ap rele ou, sove m non, pou m ka mache dapre prensip ou yo! Solèy poko leve, m'ap rele mande sekou. Tout espwa mwen se nan pawòl ou li ye. Lannwit poko rive, mwen moute kabann mwen pou m kalkile pawòl ou yo. Senyè, koute sa m'ap di ou, paske ou gen bon kè. Ban m lavi ankò, jan ou te pwomèt la. Moun ki sòti pou touye m yo pwoche bò kote m. Se moun sa yo ki vire do bay lalwa a depi lontan. Men, ou toupre m, Senyè. Tout kòmandman ou yo se bagay ki vre. Gen lontan depi mwen konnen prensip ou yo. Yo la pou tout tan. Gade nan ki mizè mwen ye. Delivre m non, paske mwen pa janm bliye lalwa ou! Defann kòz mwen, delivre m. Ban m lavi ankò, jan ou te pwomèt la. Mechan yo p'ap janm sove, paske yo p'ap chache konnen sa ou vle yo fè. Senyè, ou pa manke gen kè sansib! Ban m lavi ankò, jan ou te deside l la. Mwen gen anpil moun ki pa vle wè m. Mwen pa janm mete prensip ou yo sou kote. Lè m'ap gade bann trèt sa yo, sa ban m degoutans, paske se pa moun k'ap obeyi pawòl ou. Gade jan m renmen lòd ou yo, Senyè! Ban m lavi ankò, paske ou renmen m. Tou sa ki nan pawòl ou se verite. Tout jijman ou yo se jijman ki san patipri. Yo la pou tout tan. Yon bann chèf ap pèsekite m san rezon, men se pou pawòl ou yo mwen gen krentif. Pawòl ou fè kè m kontan. Se tankou si m te jwenn yon gwo richès. Mwen rayi bay manti, mwen pa vle wè sa. Mwen renmen lalwa ou la anpil. Sèt fwa chak jou m'ap di ou mèsi pou jijman ou yo ki san patipri. Moun ki renmen lalwa ou la ap viv ak kè poze. Pa gen anyen ki pou fè yo bite. M'ap tann ou vin delivre m, Senyè. M'ap fè tou sa ou kòmande m fè. M'ap mache dapre prensip ou yo, se pa ti renmen mwen renmen yo. M'ap swiv lòd ou yo, m'ap fè tou sa ou vle m fè, paske ou konnen tout vire tounen m. Se pou rèl mwen rive jouk nan zòrèy ou, Senyè. Jan ou te pwomèt la, ban m bon konprann. Se pou lapriyè m rive nan zòrèy ou. Jan ou te pwomèt la, delivre m. Se pou m louvri bouch mwen pou m fè lwanj ou, paske se ou ki moutre m sa ou vle m fè. Se pou m chante pou m fè konnen pawòl ou yo, paske tout kòmandman ou yo dwat. Se pou ou vin ede m ak fòs ponyèt ou, paske mwen pran desizyon pou m swiv lòd ou yo! Ou wè jan m'ap tann ou vin sove m! Mwen jwenn tout plezi m nan lalwa ou. Ban m lavi pou m fè lwanj ou, pou ou ka vin ede m, jan ou te deside l la. Mwen tankou yon mouton ki pèdi bann li. Tanpri, vin chache m, paske mwen pa janm bliye kòmandman ou yo.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an