Sòm 119

119
SÒM 119 (118)
Lalwa Bondye se bagay apa
1Ala #Jen 17.1; Sòm 128.1 bon sa bon pou moun k'ap mennen yon lavi san repwòch,
pou moun k'ap mache dapre lalwa Senyè a!
2Ala #Det 4.29; 2 Kwo 15.2 bon sa bon pou moun ki kenbe prensip li yo,
pou moun k'ap chache obeyi l ak tout kè yo!
3Moun konsa p'ap fè mal,
y'ap mache nan chemen li mete devan yo.
4Ou ban nou lòd pou nou swiv.
Ou mande pou nou obeyi yo san manke yonn.
5Jan m ta renmen kenbe fèm
pou m toujou fè sa ou mande!
6Konsa, #Jòb 22.26; Sòm 119.80 mwen p'ap janm wont
lè m'ap kalkile kòmandman ou yo.
7M'a fè lwanj ou avèk yon konsyans ki pwòp,
lè maprann tou sa ou deside nan jistis ou.
8Mwen #Sòm 38.21; 71.9,18 vle fè tou sa ou mande.
Tanpri, pa lage m.
Se pou n obeyi lalwa Senyè a
9Kisa #Pwo 1.4 jenn gason dwe fè pou li mennen bak li dwat?
Se pou li toujou mache jan ou vle li mache a.
10Mwen chache obeyi ou ak tout kè mwen.
Pa kite m dezobeyi kòmandman ou yo.
11Mwen #Sòm 37.31; Lik 2.19,51 sere pawòl ou nan kè mwen
pou mwen pa peche kont ou.
12Mèsi, Bondye.
Moutre m tou sa ou vle m fè.
13M'ap #Sòm 40.9 repete ak bouch mwen
tout jijman ki sòti nan bouch ou.
14Mwen #Pwo 3.13-15; 8.10,11 pran plezi m pou m mache dapre prensip ou yo,
tankou si m te gen tout richès sou latè.
15M'ap kalkile sa ou ban nou lòd fè.
M'ap egzaminen chemen ou mete devan nou.
16Mwen pran tout plezi m nan fè sa ou mande.
Mwen p'ap bliye pawòl ou yo.
Lalwa Senyè a fè kè m kontan
17Aji #Sòm 13.6 byen avè m, mwen menm k'ap sèvi ou la, pou m ka viv,
pou m ka fè tou sa ou di m fè.
18Louvri je m pou m ka wè
bèl bagay ki nan lalwa ou la.
19Se #Sòm 39.12 pase m'ap pase sou tè a.
Tanpri, pa anpeche m konnen kòmandman ou yo.
20Se #Sòm 42.1,2 tout tan kè m ap bat,
tèlman mwen anvi konnen sa ou deside.
21Ou #Det 27.26 rele dèyè awogan yo,
bann madichon sa yo k'ap dezobeyi kòmandman ou yo.
22Pa kite yo joure m, pa kite yo meprize m,
paske mwen te kenbe prensip ou yo.
23Menm si chèf yo chita pou pale m mal,
mwen menm k'ap sèvi ou la, m'ap kalkile sou sa ou vle m fè a.
24Prensip #Wòm 7.22 ou yo fè kè m kontan.
Se yo ki ban m konsèy sa pou m fè.
Mwen deside obeyi lalwa Senyè a
25Mwen #Sòm 44.25 kouche atè nan pousyè a!
Ban m lavi ankò, jan ou te pwomèt la.
26Mwen di ou tou sa m te fè, ou reponn mwen.
Tanpri, moutre m tou sa ou vle m fè.
27Fè m konprann ki jan pou m swiv lòd ou ban mwen yo.
M'a kalkile bèl bagay ou fè yo.
28Mwen #Sòm 22.14 gen lapenn, dlo ap koule nan je m.
Mete m sou de pye m ankò, jan ou te pwomèt la.
29Pa #Pwo 30.8 kite m lage kò m nan bay manti.
Fè m favè sa a, moutre mwen lalwa ou.
30Mwen pran desizyon pou m swiv verite a.
M'ap kenbe jijman ou yo devan je mwen.
31Mwen swiv prensip ou yo pwen pa pwen.
Senyè, pa kite m pran wont.
32M'ap #1 Wa 4.29; Eza 60.5; 2 Kor 6.11,13 prese obeyi kòmandman ou yo
lè ou louvri lespri mwen.
Louvri lespri mwen, Bondye
33Senyè, #Mat 10.22; Eb 3.6; Rev 2.26 moutre m jan pou m swiv lòd ou yo,
pou m obeyi yo jouk sa kaba.
34Ban m #Pwo 2.6; Jak 1.5 lespri pou m ka obeyi lalwa ou,
pou m fè sa l mande a ak tout kè mwen.
35Fè m #Sòm 25.4 viv yon jan ki dakò ak kòmandman ou yo,
paske se nan yo mwen jwenn tout plezi m.
36Fè m #Sòm 141.4; Lik 12.15; 1 Tim 6.10; Eb 13.5 pi anvi swiv prensip ou yo
pase pou m anvi gen lajan.
37Pa #Pwo 23.5 kite m kouri dèyè bagay ki pa vo anyen.
Fè m swiv chemen ou mete devan m lan.
38Kenbe #2 Sam 7.25 pwomès ou te fè sèvitè ou la,
pwomès ou te fè pou moun ki gen krentif pou ou.
39Pa kite yo joure m, mwen pè bagay konsa.
Ala bon jijman ou yo bon!
40Ou wè jan m anvi swiv lòd ou yo!
Nan jistis ou, tanpri, ban m lavi ankò!
Konfyans nan lalwa Senyè a
41Fè m #Sòm 106.4 wè jan ou renmen m, Senyè!
Vin delivre m, jan ou te pwomèt la.
42#Pwo 27.11 sa a, m'a gen repons pou m bay moun k'ap joure m yo,
paske mwen gen konfyans nan pawòl ou.
43Pa janm wete pawòl verite a nan bouch mwen,
paske mwen mete tout espwa mwen nan jijman ou yo.
44M'ap toujou obeyi lalwa ou la,
pou tout tan tout tan.
45M'a #Pwo 4.12; Jan 8.32 mache alèz san anyen pa jennen m,
paske m'ap toujou chache swiv lòd ou yo.
46M'a #Mat 10.18; Tra 26.1,2 fè wa yo konnen prensip ou yo,
mwen p'ap wont fè sa.
47Mwen pran tout plezi m nan obeyi kòmandman ou yo,
paske mwen renmen yo.
48M'ap #Sòm 28.2 respekte kòmandman ou yo, paske mwen renmen yo.
M'ap kalkile sou sa ou vle m fè a.
Lalwa Senyè a se tout espwa m
49Chonje sa ou te di sèvitè ou la.
Se sa ki te ban m espwa.
50Nan #Wòm 15.4 mizè mwen, tout konsolasyon m,
se pwomès ou fè m lan. Se sa ki fè m viv.
51Yon #Jòb 23.11; Sòm 123.4; Jer 20.7 bann awogan ap pase m nan betiz.
Mwen pa janm dezobeyi lalwa ou.
52Mwen chonje sa ou te deside nan tan lontan.
Senyè, se sa ki ban m kouray.
53Sa #Ney 13.25 mete m ankòlè,
lè m wè jan mechan yo ap dezobeyi lalwa ou.
54Mwen fè chante ak sa ou mande m fè,
nan kay ki pa lakay mwen.
55Lannwit #Sòm 42.8; 63.6 se ou m'ap chonje, Senyè.
M'ap fè tou sa lalwa ou la mande m fè.
56Pou mwen menm, men ki jan sa ye:
se swiv m'ap swiv tout lòd ou yo.
Jan m renmen lalwa Senyè a
57Senyè, #Sòm 16.5; Jer 10.16; Lam 3.24 mwen deja di ou sa:
pou mwen menm,
se kenbe m'ap kenbe pawòl ou yo.
58M'ap mande ou favè sa a ak tout kè m:
Tanpri, gen pitye pou mwen, jan ou te di l la.
59Mwen #Lam 3.40; Lik 15.17 egzaminen jan m'ap viv la.
Mwen chanje pou m ka mache dapre prensip ou yo.
60Mwen prese, mwen pa pran reta
pou m obeyi kòmandman ou yo.
61Mechan yo sènen m toupatou ak pèlen yo.
Men, mwen pa janm bliye lalwa ou la.
62Nan #Tra 16.25 mitan lannwit mwen leve pou m di ou mèsi,
paske tout jijman ou yo san patipri.
63Mwen #Sòm 101.6 se zanmi tout moun ki gen krentif pou ou,
zanmi tout moun k'ap swiv lòd ou yo.
64Senyè, #Sòm 33.5 toupatou sou latè tout moun wè jan ou gen bon kè.
Moutre m tou sa ou vle m fè.
Lalwa Senyè a gen valè
65Ou te aji byen avè m, sèvitè ou la,
jan ou te pwomèt la.
66Moutre m #Fil 1.9 sa ki byen, louvri lespri m, ban m konesans,
paske mwen gen konfyans nan kòmandman ou yo.
67Anvan #Jer 31.18,19; Oze 5.15; Eb 12.11; Rev 3.19 ou te pini m lan, mwen te konn fè sa ki mal.
Men kounyeya, m'ap fè tou sa ou di m fè.
68Ou #Sòm 107.1 gen bon kè, ou pa fè mechanste.
Moutre m sa ou vle m fè.
69Yon #Jòb 13.4; Sòm 109.2 bann awogan ap fè manti sou mwen.
Men mwen menm, m'ap swiv lòd ou yo ak tout kè m.
70Moun #Sòm 17.10; Eza 6.10; Tra 28.27 sa yo gen lespri yo bouche,
men mwen menm, mwen pran tout plezi m nan lalwa ou la.
71Pinisyon #Eb 12.10 an te bon nèt pou mwen!
Li fè m konnen sa ou vle m fè.
72Lalwa #Sòm 19.10; Pwo 8.10 ou ban mwen an gen plis valè pou mwen
pase tout richès ki sou latè.
Lalwa Bondye a san patipri
73Se #Jòb 10.8; Sòm 100.3 ou ki te kreye m, se ou ki te fè m ak men ou.
Ban m lespri pou m ka aprann kòmandman ou yo.
74Moun #Sòm 34.2; 130.5 ki gen krentif pou ou va fè fèt lè y'a wè m,
paske mwen te mete tout espwa m nan pawòl ou.
75Senyè, #Sòm 33.4 mwen konnen jijman ou yo san patipri.
Ou te pini m paske ou toujou kenbe pawòl ou.
76Jan ou te pwomèt mwen sa, mwen menm sèvitè ou la,
konsole m, paske ou renmen m.
77Gen pitye pou mwen pou m ka viv,
paske mwen pran tout plezi m nan lalwa ou.
78Bann #Sòm 25.3 awogan sa yo k'ap fini avè m san rezon an, se pou yo wont.
Mwen menm, m'ap kalkile lòd ou ban mwen yo.
79Se #Jer 15.19 pou moun ki gen krentif pou ou ansanm ak moun ki konnen prensip ou yo
tounen vin jwenn mwen.
80Se pou m fè tou sa ou vle m fè, san manke yonn,
pou m pa janm wont.
Lapriyè pou mande delivrans
81Senyè, #Sòm 42.1,2; 84.2 kè m fè m mal tèlman m'ap tann ou vin delivre mwen.
Mwen mete tout espwa mwen nan pawòl ou.
82Je m #Sòm 69.3; 101.2 yo fè m mal tèlman m'ap veye sa ou te pwomèt la.
M'ap mande: — Kilè w'a vin konsole m?
83Mwen #Jòb 30.30 tankou yon vye kalbas ki pandye bò dife.
Men, mwen pa janm bliye sa ou mande m fè.
84Konbe #Sòm 7.6; 39.4; Rev 6.10 jou sèvitè ou la rete pou l viv ankò?
Kilè w'a pini moun k'ap pèsekite m yo?
85Yon #Sòm 7.15; 35.7 bann awogan fouye twou sou wout mwen,
yo p'ap fè sa ou mande nan lalwa a.
86Tout #Sòm 35.19; 109.26 kòmandman ou yo se bagay ki sèten.
Y'ap pèsekite m san rezon. Vin pote m sekou!
87Ti mòso yo touye m.
Men, mwen menm, mwen pa janm dezobeyi lòd ou yo.
88Paske ou renmen m, ban m lavi ankò
pou m ka swiv prensip ki sòti nan bouch ou.
Konfyans nan lalwa Senyè a
89Senyè, #Eza 40.8; Mat 24.35 pawòl ou la pou tout tan.
Y'ap toujou rete jan yo ye a nan syèl la.
90Tout #Sòm 148.6; Ekl 1.4; Jer 33.25 tan tout tan, w'ap toujou kenbe pawòl ou.
Ou mete latè nan plas li, l'ap rete fèm.
91Jouk jounen jòdi a, tout bagay sou latè rete jan ou vle l la,
paske yo tout se sèvitè ou yo ye.
92Si mwen pat pran plezi m nan fè sa ou mande m fè,
atòkonsa mwen ta fin mouri nan mizè mwen.
93Mwen p'ap janm bliye lòd ou bay yo
paske se gremesi yo ou ban m lavi ankò.
94Se moun ou mwen ye. Sove m non!
M'ap toujou swiv lòd ou yo.
95Yon bann mechan ap veye pou yo touye m.
Men mwen menm, m'ap veye pou m mache dapre prensip ou yo.
96Mwen wè tou sa ki bon sou latè la pou yon ti tan.
Men, kòmandman ou yo la pou tout tan.
Mwen renmen lalwa Senyè a
97Ala #Sòm 1.2 renmen mwen renmen lalwa ou la!
Se tout lajounen m'ap kalkile sou li.
98Kòmandman #Det 4.6 ou yo fè m gen plis konprann pase lènmi m yo.
Kòmandman ou yo nan kè m tout tan.
99Mwen #2 Tim 3.15 gen plis konprann pase tout pwofesè m yo,
paske m'ap kalkile sou prensip ou yo.
100Mwen #Jòb 12.12; 32.7-9 gen plis konprann pase granmoun cheve blan,
paske mwen toujou swiv lòd ou yo.
101Mwen #Pwo 1.15 veye pou m pa mete pye m nan move chemen,
pou m ka fè tou sa ou di m fè.
102Mwen pa janm vire do bay sa ou deside,
paske se ou menm ki moutre mwen tout bagay.
103Ala #Sòm 19.10 dous pawòl ou yo dous anba lang mwen!
Yo pi dous pase siwo myèl nan bouch mwen.
104Lòd ou yo fè m konprann tout bagay,
konsa mwen rayi tout bagay ki ka fè m bay manti.
Lalwa Senyè a se yon limyè
105Pawòl #Pwo 6.23; 2 Pyè 1.19 ou se yon chandèl ki fè m wè kote m'ap mete pye m,
se yon limyè k'ap klere chemen mwen.
106Mwen #Ney 10.29 sèmante epi m'ap kenbe sèman mwen:
M'ap fè tou sa pawòl ou deside pou m'fè.
107Senyè, m'ap soufri anpil anpil.
Ban m lavi ankò jan ou te pwomèt la.
108Senyè, #Oze 14.2; Eb 13.15 koute lè m'ap lapriyè pou m di ou mèsi.
Fè m konnen tou sa ou deside.
109Se #Jij 12.3 tout tan lavi m an danje.
Men, mwen p'ap janm bliye lalwa ou.
110Yon #Sòm 91.3 bann mechan tann pèlen pou mwen.
Men, mwen pat dezobeyi lòd ou yo.
111Prensip #Det 33.4; Jer 15.16 ou yo se byen m pou tout tan,
se yo ki fè kè m kontan.
112Mwen #Sòm 119.33 pran desizyon pou m fè tou sa ou vle m fè,
tout tan jouk mwen mouri.
Lalwa Senyè a bay pwoteksyon
113Mwen #1 Wa 18.21; Jak 1.8 rayi moun ki pa konn sa yo vle.
Mwen renmen lalwa ou.
114Se #Sòm 3.3; 32.7 ou ki defans mwen, se ou ki tout pwoteksyon mwen.
Mwen mete tout espwa m nan pawòl ou.
115Wete #Sòm 6.8 kò nou sou mwen, bann mechan,
pou m ka obeyi kòmandman Bondye mwen an.
116Soutni #Sòm 25.2; 146.5; Wòm 5.5 mwen, jan ou te pwomèt la, pou m ka viv.
Pa kite m pran wont pou m pa jwenn sa m'ap tann lan.
117Kenbe m pou m ka delivre.
M'ap toujou veye pou m pa janm bliye sa ou vle m fè.
118Ou meprize tout moun ki dezobeyi lalwa ou yo,
paske tout plan y'ap fè yo p'ap sèvi yo anyen.
119Ou #Eza 1.25; Eze 22.18; Mal 3.3 konsidere mechan ki sou latè tankou fatra.
Se poutèt sa mwen renmen prensip ou yo.
120M'ap #Aba 3.16 tranble nan tout kò m sitèlman mwen pè ou.
Wi, mwen pè jijman ou yo.
M'ap obeyi lalwa Senyè a
121Mwen fè sa ki dwat ak sa ki bon.
Tanpri, pa lage m nan men lènmi m yo.
122Kanpe #Jòb 17.3 pou defann sèvitè ou la.
Pa kite bann awogan yo mete pye sou kou mwen.
123Je m #Sòm 69.3 yo fè m mal tèlman m'ap tann ou vin sove m,
jan ou te pwomèt fè m jistis la.
124Jan ou gen bon kè sa a, aji byen ak sèvitè ou la.
Moutre m sa ou vle m fè a.
125Se #Sòm 116.16 sèvitè ou mwen ye, louvri lespri m,
pou m ka konnen prensip ou yo.
126Senyè, li lè pou ou fè sa w'ap fè a,
paske moun yo pa vle obeyi lalwa ou.
127Se #Sòm 119.72 poutèt sa, mwen renmen kòmandman ou yo
pi plis pase lò, menm pase lò ki pi bon an.
128Se konsa, pou mwen menm tout lòd ou yo bon. #119.128: pou mwen menm tout lòd ou yo bon: Mo sa yo pa klè menm nan tèks ebre a.
Mwen rayi tout bagay ki ka fè m bay manti.
Mwen anvi obeyi lalwa Senyè a
129Prensip ou yo se mèvèy. M'ap swiv yo ak tout kè m.
130Esplikasyon #Sòm 19.7 nou jwenn nan pawòl ou klere lespri nou.
Yo louvri lespri moun ki san konprann yo pou yo konprann.
131Mwen #Jòb 29.23; Sòm 42.1 rete ak bouch mwen louvri, m'ap tann,
tèlman manvi konnen kòmandman ou yo.
132Vire #Sòm 25.16 gade m non, gen pitye pou mwen,
tankou ou toujou fè l pou moun ki renmen ou yo!
133Soutni m #Sòm 19.13 avèk pawòl ou pou m pa bite.
Pa kite mechanste gen pye sou mwen.
134Delivre mwen #Lik 1.74 anba tout presyon
lèzòm ap bay
pou mwen ka mache dapre lòd ou bay.
135Se #Sòm 4.6 sèvi m'ap sèvi ou. Tanpri, fè m santi ou la avè m.
Moutre m sa ou vle m fè.
136Dlo #Jer 9.1,18; 14.17 ap kouri nan je m tankou larivyè,
paske moun pa vle obeyi lalwa ou.
Lalwa Senyè a san patipri
137Senyè, #Esd 9.15; Sòm 116.5; Da 9.7 ou pa nan patipri.
Ou jije tout moun menm jan.
138Prensip #Sòm 19.7-9 ou bay yo,
se bagay ki dwat, se bagay ki vre.
139Tèlman #Sòm 69.9 mwen renmen lalwa ou, mwen santi se tankou yon dife
k'ap boule tout anndan mwen,
lè m wè jan moun ki pa vle wè m yo bliye pawòl ou yo.
140Pawòl #Sòm 12.6 ou se pawòl sèten nèt.
Sèvitè ou gentan renmen li.
141Mwen pa anyen, y'ap meprize m.
Men, mwen pa bliye lòd ou bay yo.
142Jistis #Sòm 19.9; Jan 17.17 ou la pou tout tan,
lalwa ou se verite.
143Mwen #Sòm 119.24 nan tray, kè m ap kase.
Men, mwen pran tout plezi m nan fè sa ou mande m fè.
144Prensip #Jòb 32.8 ou yo se bagay ki dwat pou tout tan.
Ban m bon konprann pou m ka viv.
Bondye, tanpri, delivre m
145M'ap #Sòm 119.2 rele nan pye ou ak tout kè mwen.
Reponn mwen, Senyè, pou m ka toujou fè sa ou vle m fè.
146M'ap rele ou, sove m non, pou m ka mache dapre prensip ou yo!
147Solèy #Sòm 5.3; 130.5 poko leve, m'ap rele mande sekou.
Tout espwa mwen se nan pawòl ou li ye.
148Lannwit #Sòm 119.55 poko rive, mwen moute kabann mwen
pou m kalkile pawòl ou yo.
149Senyè, koute sa m'ap di ou, paske ou gen bon kè.
Ban m lavi ankò, jan ou te pwomèt la.
150Moun ki sòti pou touye m yo pwoche bò kote m.
Se moun sa yo ki vire do bay lalwa a depi lontan.
151Men, #Sòm 145.18 ou toupre m, Senyè.
Tout kòmandman ou yo se bagay ki vre.
152Gen #Sòm 119.89 lontan depi mwen konnen prensip ou yo.
Yo la pou tout tan.
Vin delivre m, Senyè
153Gade #Jòb 36.15 nan ki mizè mwen ye. Delivre m non,
paske mwen pa janm bliye lalwa ou!
154Defann #1 Sam 24.15; Mi 7.9 kòz mwen, delivre m.
Ban m lavi ankò, jan ou te pwomèt la.
155Mechan #Jòb 5.4 yo p'ap janm sove,
paske yo p'ap chache konnen sa ou vle yo fè.
156Senyè, #2 Sam 24.14 ou pa manke gen kè sansib!
Ban m lavi ankò, jan ou te deside l la.
157Mwen #Sòm 3.1,2 gen anpil moun ki pa vle wè m.
Mwen pa janm mete prensip ou yo sou kote.
158#Jer 3.20 m'ap gade bann trèt sa yo, sa ban m degoutans,
paske se pa moun k'ap obeyi pawòl ou.
159Gade jan m renmen lòd ou yo, Senyè!
Ban m lavi ankò, paske ou renmen m.
160Tou #Sòm 139.17 sa ki nan pawòl ou se verite.
Tout jijman ou yo se jijman ki san patipri. Yo la pou tout tan.
Tout lavi m ap obeyi lalwa Senyè a
161Yon #1 Sam 24.11 bann chèf ap pèsekite m san rezon,
men se pou pawòl ou yo mwen gen krentif.
162Pawòl #Sòm 2.11; Eza 9.3; Jer 15.16 ou fè kè m kontan.
Se tankou si m te jwenn yon gwo richès.
163Mwen rayi bay manti, mwen pa vle wè sa.
Mwen renmen lalwa ou la anpil.
164Sèt fwa chak jou m'ap di ou mèsi
pou jijman ou yo ki san patipri.
165Moun #Sòm 37.11,37; Pwo 3.2; Eza 32.17; 1 Jan 2.10 ki renmen lalwa ou la ap viv ak kè poze.
Pa gen anyen ki pou fè yo bite.
166M'ap #Jen 49.18 tann ou vin delivre m, Senyè.
M'ap fè tou sa ou kòmande m fè.
167M'ap mache dapre prensip ou yo,
se pa ti renmen mwen renmen yo.
168M'ap #Jòb 34.21; Sòm 139.3; Pwo 5.21 swiv lòd ou yo, m'ap fè tou sa ou vle m fè,
paske ou konnen tout vire tounen m.
Bondye, m'ap mande ou sekou
169Se #Pwo 2.6; Jak 1.5 pou rèl mwen rive jouk nan zòrèy ou, Senyè.
Jan ou te pwomèt la, ban m bon konprann.
170Se pou lapriyè m rive nan zòrèy ou.
Jan ou te pwomèt la, delivre m.
171Se #Sòm 145.7 pou m louvri bouch mwen pou m fè lwanj ou,
paske se ou ki moutre m sa ou vle m fè.
172Se pou m chante pou m fè konnen pawòl ou yo,
paske tout kòmandman ou yo dwat.
173Se #Joz 24.22; Pwo 1.29; Lik 10.42 pou ou vin ede m ak fòs ponyèt ou,
paske mwen pran desizyon pou m swiv lòd ou yo!
174Ou #Sòm 119.20,24 wè jan m'ap tann ou vin sove m!
Mwen jwenn tout plezi m nan lalwa ou.
175Ban m lavi pou m fè lwanj ou,
pou ou ka vin ede m, jan ou te deside l la.
176Mwen #Eza 53.6; Mat 18.12; Lik 15.4; 1 Pyè 2.25 tankou yon mouton ki pèdi bann li. Tanpri, vin chache m,
paske mwen pa janm bliye kòmandman ou yo.

Chwazi Kounye ya:

Sòm 119: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an