Sòm 119:1-20

Sòm 119:1-20 HAT98

Ala bon sa bon pou moun k'ap mennen yon lavi san repwòch, pou moun k'ap mache dapre lalwa Senyè a! Ala bon sa bon pou moun ki kenbe prensip li yo, pou moun k'ap chache obeyi l ak tout kè yo! Moun konsa p'ap fè mal, y'ap mache nan chemen li mete devan yo. Ou ban nou lòd pou nou swiv. Ou mande pou nou obeyi yo san manke yonn. Jan m ta renmen kenbe fèm pou m toujou fè sa ou mande! Konsa, mwen p'ap janm wont lè m'ap kalkile kòmandman ou yo. M'a fè lwanj ou avèk yon konsyans ki pwòp, lè maprann tou sa ou deside nan jistis ou. Mwen vle fè tou sa ou mande. Tanpri, pa lage m. Kisa jenn gason dwe fè pou li mennen bak li dwat? Se pou li toujou mache jan ou vle li mache a. Mwen chache obeyi ou ak tout kè mwen. Pa kite m dezobeyi kòmandman ou yo. Mwen sere pawòl ou nan kè mwen pou mwen pa peche kont ou. Mèsi, Bondye. Moutre m tou sa ou vle m fè. M'ap repete ak bouch mwen tout jijman ki sòti nan bouch ou. Mwen pran plezi m pou m mache dapre prensip ou yo, tankou si m te gen tout richès sou latè. M'ap kalkile sa ou ban nou lòd fè. M'ap egzaminen chemen ou mete devan nou. Mwen pran tout plezi m nan fè sa ou mande. Mwen p'ap bliye pawòl ou yo. Aji byen avè m, mwen menm k'ap sèvi ou la, pou m ka viv, pou m ka fè tou sa ou di m fè. Louvri je m pou m ka wè bèl bagay ki nan lalwa ou la. Se pase m'ap pase sou tè a. Tanpri, pa anpeche m konnen kòmandman ou yo. Se tout tan kè m ap bat, tèlman mwen anvi konnen sa ou deside.

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak Sòm 119:1-20

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an