Pwovèb 7

7
1Pitit mwen, chonje sa m'ap moutre ou la a. Pa janm bliye sa m'ap di ou pou fè a. 2Si #Det 32.10; Pwo 4.4 ou fè sa m'ap di ou pou fè a, w'a viv. Konsidere sa m moutre ou la tankou de grenn je nan tèt ou. 3Mete #Det 6.8; Pwo 3.3 li nan tout dwèt ou tankou bag, kenbe li nan kè ou pou ou pa janm bliye l. 4Konsidere konesans tankou sè ou. Konsidere bon konprann tankou pi bon zanmi ou. 5Y'ap #Pwo 2.16 fè ou rete lwen madanm lòt moun. Yo p'ap kite ou pran nan pawòl dous madanm marye ki nan dezòd.
6Yon jou, antan mwen nan fennèt lakay mwen, mwen t'ap gade nan fant jalouzi a. 7Mwen #Pwo 6.32 wè anpil jenn gason san esperyans nan lavi. Te gen yonn ladan yo menm ki te fin fou. 8Li t'ap mache nan lari a, li rive bò kay yon fanm. Konsa, konsa, li pran chemen ki mennen kay fanm lan. 9#Jòb 24.15 sa a solèy te kouche, te fin fè nwa. 10Madanm lan menm vin kontre li. Li te abiye tankou yon jennès, ak tout plan l dèyè tèt li. 11Fanm #1 Tim 5.13 lan te gen je chèch, li pat wont anyen. Li pat kapab rete chita lakay li. 12Li toupatou nan lari, sou laplas, nan tout kalfou. L'ap veye, je l toupatou. 13Li pase bra l nan kou ti jennonm lan. Li bo li, li klere je l nan je l, li di l: 14Mwen #Lev 7.11; Sòm 50.14 te gen pou m ofri yon bèt pou yo touye pou di Bondye mèsi. Se jòdi a mwen kit ak angajman mwen an. 15Se poutèt sa, mwen vin kontre ou. Mwen t'ap chache ou, mwen jwenn ou. 16Mwen #Pwo 31.22; Eza 19.9 ranje kabann mwen ak bon jan dra. Mwen mete bèl dra koulè ki sòti peyi Lejip sou kabann mwen. 17Mwen #Sòm 45.8 fè kabann mwen santi bon. Mwen vide odè flè jasmen, wonmaren ak kannèl sou li. 18Vini non! Ann al damou jouk li jou. Annou pran plezi nou. Ann fè doudous jouk nou sou. 19Mari m pa la, li pati, l'al fè yon vwayaj byen lwen. 20Li pati ak anpil lajan nan pòch li. Li p'ap tounen anvan kenz jou. 21Se #Sòm 12.2 konsa, fanm lan fin pran tèt ti jennonm lan. Ak bèl pawòl dous li yo, li fè l asepte. 22Jennonm lan pran swiv li kou bèf y'ap kondi labatwa, tankou kabrit ki pote tèt li bay kaptè 23k'ap #Ekl 9.12 tann yo vin koupe tèt li, tankou zwazo k'ap mache sou pèlen san li pa konnen lavi l an danje.
24Kounyeya, pitit mwen yo, koute byen. Louvri zòrèy nou, tande sa m'ap di nou. 25Pa kite kè nou bat pou fanm konsa. Pa kite li fè nou pèdi chemen nou. 26Li #Ney 13.26 lakòz anpil gason tonbe mouri. Li lakòz anpil vanyan gason pèdi lavi yo. 27Depi #Pwo 2.18 ou mete pye lakay li, ou sou chemen lanmò. W'ap desann yon pant k'ap mennen ou tou dwat nan simityè.

Chwazi Kounye ya:

Pwovèb 7: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an