Pwovèb 6

6
Lè ou bay pawòl ou pou move zanmi
1Pitit mwen, si ou pwomèt pou ou reskonsab #Jòb 17.3 dèt yon zanmi ou fè, si ou bay pawòl ou pou lajan yon lòt moun prete, 2si yo pran pawòl ki sòti nan bouch ou pou mele ou, si pwomès ou te fè yo tounen yon pèlen pou ou, 3ay, #Lik 11.8 pitit mwen! men sa pou ou fè pou ou wete tèt ou nan traka sa a. Kouri al jwenn zanmi ou lan, kenbe l kout. 4Pa #Sòm 132.4 dòmi sou sa. Pa kite sa trennen. 5Degaje #Sòm 91.3 ou chape kò ou anba men l, tankou kabrit k'ap chape kò l anba men kaptè, tankou zwazo k'ap bat pou l sove nan men chasè.
Pran leson nan men fwomi
6Ou #Pwo 30.25 menm parese, al pran leson nan men fwomi yo. Ale wè jan y'ap viv pou ou manyè konprann lavi. 7Yo #Pwo 30.27 pa bezwen moun pou di yo sa pou yo fè. Yo pa bezwen moun pou veye yo, ni pou ba yo lòd. 8Men, #Pwo 10.5 yo pase mwa chalè ap fè pwovizyon. Nan tan rekòt, yo ranmase manje mete la. 9Parese, kilè w'a sispann pase tout jounen ou kouche sou do? Kilè w'a souke kò ou leve sot nan dòmi? 10W'ap #Pwo 24.33,34; Ekl 4.5 di: Kite m fè yon ti dòmi. Kite m fè yon ti kabicha non. M'ap lonje kò m pou m pran yon ti repo. 11Antan w'ap dòmi an, san ou pa konnen, se pòv w'ap vin pi pòv. Lamizè ap tonbe sou ou tankou vòlè nan granchemen.
Mechan yo
12Mechan yo fin deprave. Y'ap mache bay manti toupatou. 13Y'ap #Sòm 35.19 twenzi je yo sou moun, y'ap peze gwo zòtèy yo atè. Y'ap fè siy ak dwèt yo. 14Se move lide ase ki nan kè yo, yo toujou sou plan. Kote yo pase y'ap pouse dife. 15Se #Pwo 29.1; Jer 19.11 poutèt sa, y'ap rete konsa y'ap fini, y'ap glise tonbe san yo p'ap ka leve ankò.
16Gen sis bagay Senyè a pa vle wè. Sa m'ap di la a: Gen menm sèt bagay li pa ka sipòte:
17Se #Sòm 101.5; Pwo 12.22; Eza 59.3 moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun,
se moun k'ap bay manti,
se moun k'ap touye moun inonsan,
18se #Jen 6.5; Pwo 1.16 moun k'ap kouve lide mechanste nan tèt yo,
se moun ki toujou pare pou fè sa ki mal,
19se #Pwo 12.17; 14.5; 16.28 fo temwen k'ap bay manti sou moun,
se moun k'ap mete frè ak zanmi dozado.
Avètisman pou moun k'ap fè adiltè
20Pitit mwen, toujou fè sa papa ou di ou fè. Pa janm bliye sa manman ou te moutre ou. 21Kenbe #Pwo 3.3 pawòl yo nan kè ou, pa janm bliye yo. Mete yo nan kou ou tankou yon kolye. 22Pawòl #Pwo 3.23,24 sa yo va moutre ou bon chemen nan tou sa w'ap fè. Y'ap pwoteje ou lè w'ap dòmi lannwit. Y'a ba ou konsèy lè je ou klè. 23Pawòl #Sòm 119.105 sa yo ap tankou yon lanp pou ou. Sa yo moutre ou ap tankou yon limyè nan lavi ou. Lè y'ap korije ou, lè y'ap rale zòrèy ou, se moutre y'ap moutre ou chemen lavi. 24Y'ap fè ou rete lwen fanm k'ap twonpe mari yo, pou ou pa pran nan pawòl dous madanm marye ki nan dezòd. 25Yo #2 Wa 9.30; Mat 5.28 te mèt bèl kou yo bèl, pa kite yo pran tèt ou. Pa kite yo pran tèt ou lè y'ap fè je dou ba ou. 26Yon #1 Sam 2.36; Pwo 29.3; Eze 13.18 jennès ka koute yon kraze kòb. Men, yon fanm adiltè dèyè pou l pran tou sa ou genyen.
27Ou #Jòb 31.12 pa ka sere dife anndan rad ou pou dife a pa pran sou ou. 28Ou pa ka mache sou chabon dife pou pye ou pa boule. 29Konsa tou, se yon gwo danje pou ou kouri dèyè fanm yon lòt gason. Depi ou manyen yon fanm konsa, ou gen pou ou peye pou sa. 30Menm lè yon vòlò vòlò paske li grangou, se pa sa ki di li pa vòlò pou sa. 31Si #Egz 22.1,4 yo bare l, y'ap fè l peye sèt fwa lavalè sa l pran an. Y'a fè l bay tou sa li gen lakay li. 32Men, #Pwo 7.7; 9.4; 10.13 yon nonm ki fè adiltè, se moun fou li ye, se detwi l'ap detwi tèt li. 33L'ap pran baton. Y'ap pase l anba kont betiz, l'ap toujou wont pou sa l fè a. 34#Pwo 27.4; Kan 8.6 yon mari ap fè jalouzi pou madanm li, nanpwen move tankou l. Jou li mete men sou nèg la, pa gen anyen li p'ap fè l. 35Li p'ap asepte lajan. Nanpwen kado ki pou fè l bliye sa.

Chwazi Kounye ya:

Pwovèb 6: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an