Pwovèb 3

3
Konsèy pou jenn gason
1Pitit mwen, pa janm bliye sa mwen moutre #Det 8.1 ou yo. Kenbe tou sa mwen di ou fè yo nan kè ou. 2Se #Sòm 119.165; Pwo 9.11 yo k'ap fè ou viv lontan. Se yo k'ap fè ou viv ak kè poze. 3Se #Sòm 85.10; Pwo 1.9; Jer 17.1; 2 Kor 3.3 pou ou toujou viv byen ak tout moun. Se pou ou toujou gen yon sèl pawòl. Mete pawòl mwen yo nan kou ou tankou yon kolye, kenbe yo nan kè ou pou ou pa janm bliye yo. 4Si #1 Sam 2.26; Lik 2.52; Wòm 14.18 ou fè sa, Bondye va kontan ak ou, lèzòm va nonmen non ou anbyen.
5Mete #Sòm 37.3; Jer 9.23 tout konfyans ou nan Senyè a. Pa gade sou sa ou konnen. 6Toujou #1 Kwo 28.9; Jer 10.23 chonje Senyè a nan tou sa w'ap fè. Li menm, la moutre ou chemen pou ou pran. 7Pa #Jòb 28.28; Wòm 12.16 mete nan tèt ou ou gen plis konprann pase sa. Gen krentif pou Senyè a, refize fè sa ki mal. 8Lè ou fè sa, se va tankou yon bon medikaman: W'a toujou gaya, ou p'ap janm soufri doulè. 9#Egz 23.19 wè jan ou gen respè pou Senyè a: ba li nan tou sa ou genyen, ofri l premye donn ou rekòlte nan jaden ou. 10#Det 28.8 ou fè sa, galata ou ap toujou chaje danre. Barik diven ou yo ap plen ra bouch.
11Pitit #Det 8.5; Jòb 5.17; 1 Kor 11.32; Eb 12.5,6; Rev 3.19 mwen, lè Senyè a ap pini ou, pa betize ak sa. Lè l'ap korije ou, pa dekouraje. 12Paske Senyè a korije moun li renmen, menm jan yon papa korije pitit li renmen anpil la. 13Ala bon sa bon pou moun ki gen konesans, pou moun ki rive gen bon konprann! 14Benefis #Jòb 28.15-18; Pwo 8.10,11 l'ap rapòte pi bon pase sa lajan bay. Avantaj l'ap bay gen plis valè pase lò. 15Sajès pi bon pase boul lò. Nanpwen anyen moun ta renmen genyen ki ka parèt devan li. 16Yon #Pwo 8.18 bò, bon konprann ap fè moun viv lontan. Yon lòt bò, l'ap bay richès, l'ap fè moun respekte ou. 17L'ap fè moun viv ak kè kontan. L'ap fè ou reyisi nan tou sa w'ap fè. 18Moun #Jen 2.9; 3.22; Rev 2.7; 22.2 ki gen bon konprann jwenn lavi. Sa bon nèt pou moun ki gen bon konprann!
19Avèk #Sòm 104.24; 136.5; Pwo 8.27 bon konprann li, Bondye kreye latè.
Avèk entelijans li, li mete syèl la nan plas li.
20Avèk #Jen 7.11; Det 33.28; Jòb 38.8 konesans li, li fè larivyè yo koule.
Li fè nyaj yo bay lapli sou latè.
21Pitit mwen, kenbe pye konesans ou, pa pèdi konprann ou. Pa janm kite anyen fè ou bliye yo. 22Y'ap #Det 32.47; Pwo 1.9 ba ou lavi, y'ap fè lavi ou bèl tankou yon kolye ki pase nan kou ou. 23W'a #Sòm 91.11 fè chemen ou nan lavi san ou pa pè anyen. Ou p'ap janm bite sou anyen. 24#Lev 26.6; Jer 31.26 ou pral kouche, ou p'ap pè anyen. Lè w'a fin lonje kò ou, w'a dòmi nèt ale. 25Ou #Jòb 5.21; Sòm 91.5 p'ap bezwen pè: malè p'ap rete konsa pou l tonbe sou tèt ou. Ni tou, sa ki rive mechan yo p'ap rive ou. 26Paske se Senyè a ki tout espwa ou. Li p'ap kite ou pran nan pèlen.
27Pa #Gal 6.10 refize fè byen pou moun ki nan nesesite, chak fwa ou santi ou ka fè sa. 28Si #Lev 19.13; Det 24.15 ou gen dekwa pou bay, pa di pwochen ou: Ale non! Tounen denmen, ou va jwenn kichòy! 29Moun k'ap viv ansanm avè ou, ki mete konfyans yo nan ou, pa manniganse anyen ki pou fè yo mal. 30Pa fè kabouya san rezon ak yon moun san li pa janm fè ou anyen ki mal. 31Pa #Sòm 37.1 anvye sò mechan yo. Pa mete nan tèt ou pou ou fè tankou yo. 32Paske #Jòb 29.4 Senyè a pa vle wè moun ki deprave. Men, li mete moun ki mache dwat yo nan tout sekrè l yo. 33Madichon #Jòb 8.6; Zak 5.4 Bondye chita lakay mechan yo. Men, benediksyon l ap kouvri kay moun ki mache dwat yo. 34Moun #Sòm 18.26; Jak 4.6; 1 Pyè 5.5 k'ap pase moun nan betiz, Bondye ap pase yo nan betiz tou. Men, moun ki fè byen, l'ap moutre yo jan li renmen yo. 35Y'a #Fil 3.19 fè lwanj moun ki gen bon konprann yo, men moun fou yo, se wont y'a wont.

Chwazi Kounye ya:

Pwovèb 3: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an