Pwovèb 2

2
Rekonpans konesans
1Pitit mwen, aprann sa m'ap moutre ou la a. Chache pou ou pa janm bliye sa mwen di ou fè a. 2Se poutèt sa, louvri zòrèy ou pou ou tande sa moun ki gen sajès ap di ou. Chache konprann yo. 3Wi, pa janm sispann chache gen konesans. Mande pou ou gen bon konprann. 4Kouri dèyè konesans tankou moun k'ap kouri dèyè lajan. Chache konesans tankou moun k'ap chache ja lajan. 5Si ou fè tou sa, w'a konnen sa ki rele gen krentif pou Bondye. W'a resi konnen ki moun Bondye ye. 6Se #Jòb 32.8 Senyè a ki bay konesans. Pawòl ki sòti nan bouch li bay lespri ak konprann. 7#Sòm 84.11 yon moun mache dwat, Senyè a ba li bon konsèy. Lè yon moun serye, li pwoteje l. 8Li #1 Sam 2.9 pwoteje moun ki pa fè lenjistis. Li pran defans moun ki kenbe fèm nan sèvis li. 9Si ou koute m, w'a konnen ki jan pou ou mennen bak ou byen, ki jan pou ou pa fè lenjistis. W'a konnen ki jan pou ou mache dwat nan lavi. W'a konnen tout bon bagay ou dwe fè. 10Lè sa a, w'a gen bon konprann nan ou. W'a pran tout plezi ou nan konesans ou genyen. 11Entelijans #Pwo 6.22 ou p'ap kite anyen rive ou, konesans ou pral yon pwoteksyon pou ou. 12Yo p'ap kite ou fè sa ki mal. Yo p'ap kite moun k'ap fè bèl diskou pou twonpe moun pwoche bò kote ou. 13Moun #Sòm 82.5; Jan 3.19,20 sa yo, se moun ki kite chemen dwat la pou lage kò yo nan fènwa. 14Se #Jer 11.15 moun ki pran plezi yo nan fè sa ki mal. Se moun ki kontan anpil pou wè mechanste lòt moun ap fè. 15Ou #Sòm 125.5 pa janm konnen kote ou ye ak moun sa yo, tout kò yo se plan.
16Entèlijans #Pwo 7.5 ou ak konesans ou va delivre ou anba fanm ki pa madanm ou, anba lòt fanm k'ap chache pran tèt ou ak bèl pawòl dous. 17Fanm #Mal 2.14,15 konsa se fanm k'ap twonpe mari yo, fanm ki bliye pwomès yo te fè Bondye. 18Si #Pwo 7.27 ou mete pye lakay yo, ou sou wout lanmò. Si ou ale lakay yo, ou pa lwen ale kote mò yo ye a. 19Lakay yo, se antre pa sòti. Pa gen lavi pou ou ankò! 20Se poutèt sa, swiv egzanp moun debyen. Mache pye pou pye dèyè moun ki pa fè chemen kwochi. 21Paske #Sòm 37.9 se moun k'ap mache dwat yo ki pral rete nan peyi a. Se moun serye yo ki pral la. 22Men, #Sòm 37.38; 52.5 y' ap disparèt mechan yo nan peyi a. Y'ap rache moun ki nan foub yo tankou yo rache move zèb.

Chwazi Kounye ya:

Pwovèb 2: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an