Fè wè jan ou gen respè pou Senyè a: ba li nan tou sa ou genyen, ofri l premye donn ou rekòlte nan jaden ou. Lè ou fè sa, galata ou ap toujou chaje danre. Barik diven ou yo ap plen ra bouch. Pitit mwen, lè Senyè a ap pini ou, pa betize ak sa. Lè l'ap korije ou, pa dekouraje. Paske Senyè a korije moun li renmen, menm jan yon papa korije pitit li renmen anpil la. Ala bon sa bon pou moun ki gen konesans, pou moun ki rive gen bon konprann! Benefis l'ap rapòte pi bon pase sa lajan bay. Avantaj l'ap bay gen plis valè pase lò. Sajès pi bon pase boul lò. Nanpwen anyen moun ta renmen genyen ki ka parèt devan li. Yon bò, bon konprann ap fè moun viv lontan. Yon lòt bò, l'ap bay richès, l'ap fè moun respekte ou.
Li Pwovèb 3
Koute Pwovèb 3
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Pwovèb 3:9-16
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo