Pwovèb 28:1-28

Pwovèb 28:1-28 HAT98

Mechan pa bezwen moun dèyè yo pou yo kouri. Men moun ki mache dwat, yo brav kou lyon. Lè nan yon peyi moun ap fè sa ki mal, chak jou gen yon lòt chèf. Men, avèk yon moun ki gen konprann, ki konnen sa l'ap fè, gouvènman an ap kanpe pou lontan. Yon pòv k'ap peze pi pòv pase l, se tankou yon gwo lapli ki gate tout jaden nèt. Moun ki pa respekte lalwa bay mechan pye sou moun. Men moun ki fè sa lalwa mande, se moun ki pran pozisyon kont mechan. Mechan pa konnen sa ki rele jistis. Men moun k'ap sèvi Senyè a konprann tout bagay. Pito ou pòv men ou serye, pase pou ou rich men ou vòlè. Yon jenn gason ki fè tou sa lalwa mande, se pitit ki gen lespri. Men, moun ki fè zanmi ak vakabon se yon wont pou papa l. Moun ki vin rich nan prete moun lajan, nan bay kout ponya, se anpile y'ap anpile lajan pou moun ki konn pran ka malere. Lè ou refize fè sa lalwa mande ou fè a, ata lapriyè w'ap fè a p'ap fè Bondye plezi. Lè yon moun chache pran tèt yon nonm serye pou fè l fè sa ki mal, se li menm k'ap pran nan pèlen an. Men moun serye a va jwenn bon rekonpans. Yon nonm rich mete nan tèt li li gen bon konprann. Men, yon pòv ki gen lespri ap dekouvri l. Lè se moun k'ap fè sa ki dwat ki rive chèf, se fèt pou tout moun. Men, lè se mechan an ki rive chèf, tout moun al kache. Moun k'ap kache peche p'ap janm wè zafè yo mache. Men, Bondye va gen pitye pou moun ki rekonèt peche yo, pou moun ki chanje lavi yo. Ala bon sa bon pou moun ki toujou gen krentif pou Bondye! Men, moun k'ap fè tèt di ak Bondye ap wè malè tonbe sou yo. Yon chèf malveyan se tankou lyon ki move, tankou lous ki grangou. Pòv malere san sekou devan yo. Lè yon chèf pa gen konprann, l'ap peze moun, l'ap fè mechanste. Men, moun ki pa vle wè moun k'ap vòlò ap gouvènen lontan. Lè yon moun touye yon lòt, konsyans li boulvèse l, l'ap kouri chache lanmò. Piga pèsonn chache kenbe l. Malè p'ap rive moun k'ap mennen yon lavi san repwòch. Men, moun ki pa serye, k'ap mache pye gaye, y'ap rete konsa, y'ap tonbe. Moun ki travay di nan jaden li ap jwenn kont danre pou li manje. Men moun k'ap fè bagay ki p'ap sèvi anyen ap toujou pòv. Yon nonm ki serye nan sa l'ap fè ap jwenn anpil benediksyon. Men, yo p'ap manke pini moun k'ap prese pou l rich. Sa pa bon pou gade moun sou figi. Men, pou nenpòt ti kraze kòb, yon jij ka fè betiz. Moun ki anvi tout toujou ap prese pou yo rich. Yo pa wè grangou k'ap tann yo pi devan. Lè ou rale zòrèy yon moun, pita l'ap gen plis konsiderasyon pou ou pase pou moun k'ap achte figi l. Moun k'ap vòlò papa l ak manman l, epi k'ap di nan kè l: Se pa anyen sa, li menmman parèyman ak moun k'ap mache brize. Moun ki anvi tout pou yo ap toujou nan kont. Men, moun ki mete konfyans yo nan Senyè a p'ap janm manke anyen. Moun ki gen konfyans nan sa li santi sèlman, se moun fou yo ye. Men moun ki aji ak bon konprann ap gen sekirite. Moun ki bay pòv p'ap janm manke anyen. Men, moun ki fè tankou li pa wè pòv yo chaje ak madichon. Lè se mechan ki rive chèf, tout moun al kache. Men, tonbe mechan yo tonbe, moun k'ap mache dwat yo kanpe ankò.

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak Pwovèb 28:1-28