Si lènmi ou grangou, ba li manje. Si li swaf dlo, ba li dlo pou l bwè. Lè sa a, w'a fè l wont anpil. Senyè a va rekonpanse ou. Tripotay fè moun fè kòlè, menm jan nòde bay lapli. Pito ou viv pou kont ou nan yon kwen galata pase pou w'ap viv nan yon kay ansanm ak yon fanm k'ap chache kont tout tan. Lè ou resevwa yon bòn nouvèl ki sòti nan peyi Jida, se tankou yon vè dlo fre pou yon moun ki sot moute mòn. Lè yon moun ki mache dwat kite yon mechan pran tèt li, se tankou yon sous dlo moun mache ladan l, se tankou yon pi yo sal. Twòp siwo myèl pa bon pou lasante. Konsa tou, pa chache pou moun nonmen non ou twòp. Si ou pa kapab kontwole kòlè ou, ou tankou yon lavil san ranpa. Y'ap anvayi l fasil. Y'ap mete men sou ou fasil.
Li Pwovèb 25
Koute Pwovèb 25
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Pwovèb 25:21-28
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo